Ayiti maman sou frans,maman tristès kilè wap delivwe. *Èske w konnen*?

Ayiti maman sou frans,maman
tristès kilè wap delivwe.

*Èske w konnen*?

Èske w konnen
Se ou menm,
Se li menm,
Se mwen menm
Nou tout k ap viktim anba men
Bandi san fwa, ni lwa yo.

Èske w konnen
Se ou menm
Se li menm
Se mwen menm
Nou tout ki blije mawon
Kite lakay nou ak tout mwayen
Nou te fè jefò travay.
Kounye y’a nou lage
2 bra balanse ak pitit nou
Pou sèten nan nou
Devan papòt
Yon fanmi
Yon zanmi
Yon bon pwochen
Malgre sitiyasyon malouk l ap viv
Ranmase nou pèmèt nou pare solèy ak lapli.

Pou yon bon valè, ou byen nou nan lari y’a, chak jou
Nou sou kont BonDye bon.
Nou pa konn kilè bandi yo
Ap keyi nou
Tankou yo keyi ti zwazo
Paske nou anba je yo toutan.

Genyen kèk lòt
K ap viv nan kèk espas piblik
Tankou lekòl nasyonal, gymnas…
Yon seri refijye bandone
Kote TiFi yo ak Fanm yo
Ap sibi kadejak
Kote maladi atrapan gaye
Akóz yo pil sou pil
Epi pa gen okenn kondisyon lijyèn.
Kategori sa li menm
Se pa souf li koupe ankò.
Se demounize li demounize.
Swadizan Pwoteksyon Sivil la
Absan nan kan refijye sa yo.
Moun yo se kèk Óganizasyon
Ki yon fwa pafwa
lage kichòy nan bòl ble yo.

Èske w konnen
Moman rive tout bon vre
Pou se
Ou menm
Li menm
Ak mwen menm
K ap viktim tout imilyasyon sa yo, ki chak jou ap demounize
Pou mete tèt nou ansanm
Pou devlope entèlijans nou piplis toujou
Pou fè yon veritab Fòs
Ki rele Fòs
Pou nou di:
Politichen Alevouzan
Nou pap pran kaka pou l pou
Jòn ze.

Se nou tout k ap pote
Kwa madoulè y’a
Ki pa menm kapab bat dlo
Pou kale je nou
Pou montre nou pa manje manje bliye.
Pa gen
Ni kontra sosyal
Ni revolisyon
Ni chanje lavi.

Tout okontrè
Bouton an
Tounen abse
Abse y’a vin gaye
Kounye y’a
Se kansè ki anvayi tout Kò nou.

Kansè
Bandi legal
Bandi ak sapat
Boujwa flibistye
Politisyen machann peyi
Palmantè trafikan tout kalite
Otorite nan pouvwa
K ap dechèpiye leta
Entèlektyèl ak plim yo osèvis
Jounalis opòtinis k ap trennen mikwo yo, k ap lave sèvo nou.

Tout sila yo
Kit sa ayè
Ki jounen jodi
Vle mete kostim Revolisyonè
Kit sa k la yo
Tout nèt se
Senkant kòb ak Degouden.

Tout nèt bwè dlo
Nan menm rivyè
Tout nèt Ozòd
Tout nèt reponn prezan
Devan menm patwon
Tout nèt genyen menm chèf
Sèlman chak gen misyon pa yo.

Patwon an pa janm chanje
Menm si w tande yo di w
Kominote entènasyonal
Core group
Tout sa se pou lagalri
Vrè Non li,
Se
Blan meriken ou tonton Sam.

Konsa,
Ou menm
Li menm
Mwen menm
Nou tout yo deside demounize
Nan fason y ap maltrete nou
Nan fason y ap redwi nou tankou yon ti kiyè kafe
Se nou menm
E nou menm sèlman
Pou gonfle fòs nou
Devlope entèlijans nou
Defini estrateji
Paske nou piplis
E yo pap janm fè nou kado
Pou tout bon vre
Nou trase chemen
Pou nou soti anba
Kwa madoulè sa.

E moman nou ye la
Se moman pou nou pran
Tout dispozisyon
Pou nou Moun tout bon.

2024 la
Se wout pou nou
Moun tout bon an
Nou deside pran.

Marcel Poinsard Mondésir
07/01/2024.-

Tout Dwa rezève
[email protected] téléphone 50948438136.

LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39