REFLEKSYON/OPINYON
Nan moman nou ye la, anpil pawòl dwat e gòch ap pale. Peyi y’a tounen yon gwo sèn teyat kote chak gwoup aktè ap monte sou sèn nan pou vin jwe. 
Anpil kesyon sou kompòtman Jij Al Duniel Dimanche pou non respè pwosedi sou dosye CNE a. Konsa pesonn moun pa konn kouman sa ap fini. Èske CSPJ ansanm ak Dekana pa kapab pote koreksyon.
Anpil tire lobe ak kraponnay nan divès zòn pou anpeche pèp la eksprime kòlè l kont bandi ak sapat yo ansanm ak patwon yo/chèf yo gouvenman
Ariel Henry y’a anvan 7 fevriye.
Anpil manèv bò kote pouvwa Ariel Henry y’a pou kontinye anbouye pèp la kote “kèk lidè sosyete sivil” caméléon de leur état ap fè konprann Akò 21 desanm 2022 la toujou valab e dat 7 fevriye a pa vle di anyen. Gouvènman pral mete machin nan an mouvman pou aplike Akò a. Egzèsis sa se yon mèt sosyete sivil la, Charles Tardieu, envètebre k ap fè l nan medya yo.
Ariel Henry tèt koulèv la ak tout rès ke koulèv la ap fomante anndan yo yon lòt Akò Akwòkò Dezakò pou apre 7 fevriye.
Plis n ap rive dat 7 fevriye 2024 la, se plis pral genyen gwo gwo tansyon nan peyi y’a, se plis pral genyen kraponnay nan mitan popilasyon an, se plis machann mikwo yo pral piyafe, radote nan zòrèy moun, se plis caméléon tip Charles Tardieu pral jwe wòl pót pawòl gouvènman, se plis kadav toujou nan lari y’a, se plis krim san non pou ogmante entimidasyon ak laperèz, se plis toujou blan pral ensiste sou Antant lajman laj pandan yo konnen, pa genyen okenn kote sou latè tout moun nèt dwe dakò sou yon koze sitou nan politik. Ankò plis lè aktè prensipal la, nan ka Ayiti nan moman sa, Ariel Henry, toujou, toujou kanpe sou manti. Ariel depi tweet madan La Lime nan fin mete l chèf la, Wa pa kouzen l, prezidan pa bòpè l. se boul farin li fè tout moun ki pa nan katèl malfektè ya ak li, tèlman li woule yo. Moun sa yo se: pèp la k ap reziste y’a, opozan politik li yo, moun ki pap ranpe tankou rakay parèy li yo devan mèt li(blan).
Devan sèl moun Ariel Henry fè jenoufleksyon/koube/ranpe se mèt li blan. Nou toujou kapab verifye sa lè misye ap salye mèt li yo.
Ariel ne se soumet qu’à son maître: monsieur le blanc et pas n’importe lequel.
Yon tèks de
Marcel Poinsard Mondésir
11/01/2024.-
TOUT DWA REZÈVE
[email protected]
téléphone ☎️ 50948438136.
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE
NOU SE ZYE AK ZÒRÈY OU .
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel