Premye fevriye demilvennkat Ayiti pa konn santans li. Pèp Ayisyen an, li menm konn santans li.

Premye fevriye demilvennkat Ayiti pa konn santans li. Pèp Ayisyen an, li menm konn santans li.

Wi li konn santans li. Moun nan basen Pòtoprens ak zòn ki viwonnen l yo ap sibi yon seri vyolans nan jou sa yo, nou pa janm konnen. L’horreur du groupe de bandits de 400 Mawozo sur Pernier et les environnements est indescriptible par toute personne humaine animée de sens et douée de raison. Kouman yon moun kapab esplike sa kap pase nan Pòtoprens ak zòn ki viwonnen l yo. Li klè pou nou zak briganday sa yo pa diferan nan vil pwovens.
Plis n ap rive nan Sèt fevriye demilvennkat plis swaf pouvwa melanje ak amateurisme dirijan tèt bòbèch yo fè Ayiti prèske plonje nan lese frape ant PNH ak BSAP. Listwa ap genyen pou jije tout
responsab CSPN yo (PM Ariel
Henry, Minis Enteryè Ariel Henry, Minis Jistis Emmelie Prophète Milcé/Minis Tèritwa Pèdi, Frantz Elbé Direktè Jeneral PNH, Fritz Saint-Fort IGPNH) pou enkapasite ak mete lavi tout yon pèp an danje.

Sa k pase Okap la dwe pote nou tout reflechi epi tonbe dakò misyon Ariel la bout. Paske se nan fas a fas sa yo t ap trennen nou pou tout bon vre yo rive sou nou pou yon 4è fwa.

Moun ki fè listwa, moun ki konn gewopolitik, nou dwe genyen nan lespri nou sa k te pase Rwanda, dènye genosid 20ième syèk la sanble li devan pòt nou.

Pinga nou di nou pat konnen. Diplomasi Imanitè pral vin pase nou nan tennen.

MPM
01/02/2024.-

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39