M konnen sa m pral di la pral fè nèg isi di sa yo vle sou do m.
Men sa pap deranje m paske se yon verite map bay. Dr Ariel Henry gen anviwon 31 mwa nan tèt peyi a pou kont li, sa vle di li se Premye Minis, li pran tout desizyon yon Prezidan ta dwe pran tou. Donk, branch ekzekitif la , li fè e defè jan l vle, lè l vle. Anyen pa janm chanje, soufrans, kalamite, ensekirite ak kidnapin ap taye banda sou Sila ki pi fèb yo. Poko janm gen yon nèg ak fanm ki nan klas ekonomik la ki viktim nan peyi a, menm sèvant ak jeran lakou lakay yo proteje.
Jodia m vle di pep ayisyen an bagay la dwe fèt sou la forme et sur le fond. Pa kite okenn abolotyo politik fè n kite bourik la pou n bat sak pay la. Fason nou anklave ak nèg a zam ki AK sapat la montre aklè se Yon batay ekonomik li ye nan tèt kole ak dirijan leta, makòne’ AK politisyen kap defann gwo enterè pèsonèl yo pou râle dra pouvwa a sou yo.
Map raple nou tout asasen- kriminèl fè Yon sèl pou goumen antre yo pou statut quo a kapab rete jan l ye la. Anpil nan yo , bouda yo nan pouvwa Ariel la , tèt yo nan lari a.
M koube m byen douvan kadav Sila ki tonbe nan Kad batay la e Map mande sa ki toujou an vi yo pou yo resezi yo pou n ka gen Yon klas politik AK Yon lòt elit ekonomik tèt grenn.
Respè pou ansyen Minis Nader ak ansyen SG Renald Luberice ki te kanpe kategorikman anfas PM Ariel Henry dès le commencement.
Yon lòt klas politik ak ekonomik nou bezwen.
Ekri pa :
Mackenson Cangé, pitit
zantray pèp la .
TOUT DWA REZÈVE [email protected] téléphone ☎️ 509 48438136.
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOU SE ZYE AK ZÒRÈY OU.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel