*Onè, respè Jean Léopold Dominique/JanDo pòt vwa san vwa yo!*
Sa fè 24 lane deja:

yon Mapou te tonbe nan forè demokrasi a;
Yon zetwal te disparèt nan syèl laprès lib ak endepandan;
Yon vwa ki te reprezante tout vwa ki pat gen dwa la pawòl yo te etenn pou letènite.
3 avril 2000
3 avril 2024
Sa fè 24 lane wi n ap mande Jistis pou Jean Léopold Dominique.
3 avril sa, se te yon jou Lendi. Pesonn moun pat atann se yon nouvèl konsa ki ta pral tonbe nan zòrèy yo. Gran bonè nan maten, tankou Jean Dominique, JanDo pa nou ansanm ak Michèle Montas desann nan radyo a pou sèvi nou Tas Kafe Cho (ki se jounal la) jan yo fè sa chak jou.
Malerezman se ta pral dènye fwa JanDo t ap akonpaye Michèle. Li pa gen tan antre anndan estidyo a, yon kòmando ageri te tann yon pèlen pou li.
Fòk vwa sa, vwa ki pa tap lage fo Nòt nan mizik la, vwa ki pat nan voye wòch kache men paske l te konnen pawòl li yo se tout Peyizan nan fen fon peyi y’a, se pawòl tout ouvriyèz ak ouvriye k ap bay sang yo nan faktori yo.
Menm lè li pat nan zafè relijyon vwa se te vwa ti legliz yo, vwa jenès rebèl la, vwa tout san vwa yo. Fòk vwa te sispann anmède Zòrèy yo. Konsa, ak sèt (7) bal nan tèt ak nan kè souf JanDo etenn. Se te dezolasyon, tristès, enkyetid ak kè sote nan mitan tout patizan chanjman.
Yon sèl kesyon te nan bouch tout moun ki t ap kriye yo: pouki yo touye Jean Dominique?
24 lane apre nou poko janm konnen pouki zòt yo, mèt sistèm nan ansanm ak tyoul li yo te wete la pawòl nan bouch Peyizan yo, ouvriyèz ak Ouvriye yo, sendika yo, Òganizasyon Popilè yo elatriye.
24 lane apre n ap poze Tèt nou kesyon kisa JanDo t ap di, kouman li t ap analize sitiyasyon n ap benyen ladan l lan?
Vwa sa ki te anpeche zót yo danse kalinda, taye banda, anpeche yo koupe rache nan administrasyon piblik la, nan fè nou konnen kaka poul la se pa zòn ze li ye.
24 lane apre, se kounye a Ayiti anreye sou bak;
24 lane apre, demokrasi ap fè n lasisin toujou.
Nan kalfou tenten nou ye la kote kat la mare tout bon vre, m tande vwa JanDo k ap di nou: vijilan, veye move zangi yo, pa pran nan tonton Nwèl ak diskou Revolisyonè dwategòch, revolisyonè telegide.
JanDo di nou doulè tranche a rèd anpil, men akouchman pa pou lontan.
Écrit par :
Marcel Poinsard Mondésir
03/04/2024.-
TOUS DROITS RÉSERVÉS [email protected] téléphone ☎️ 509 48438136.
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel