*Poukisa nou pa swiv egzanp?* An n fè politik la yon lòt fason. Ayiti anvan tout lòt koze. Enterè kolektif/jeneral anvan enterè pèsonèl/klan.

*Poukisa nou pa swiv egzanp?*
An n fè politik la yon lòt fason. Ayiti anvan tout lòt koze.
Enterè kolektif/jeneral anvan enterè pèsonèl/klan.

An n di tèt nou se dènye fwa pou n trennen nan labou konsa.
Se pa senpman reprann/relaye sa k ap pase lòt kote yo ( Sénégal kounye a), pou n ap kòmante, pale anpil. Li ta pi bon pou gade epi wè kouman nou kapab konstwi lòt Òganizasyon nan swiv egzanp yo men nou adapte Òganizasyon yo dapre reyalite lakay nou.

An n sispann fè mawonaj. An n sispann bay moun yo manti, ann sispann bay tèt nou manti, nan fè kòmsi. An n desann nan “ARÈNE” nan. An nou pa fè politik “par procuration” ankò. Pou sa Òganizasyon yo enpòtan pou genyen “vivier” kote aprantisaj la ap fèt.

Nou dwe konstriktif epi dakò pou:
Fè deba/diskite
Devlope agiman/lide
Aksepte kontradiksyon
Kite atitid “À l’oral la”. Sa vle di, nou dwe pwodui refleksyon yo, yon fason pou lòt moun/gwoup kapab benefisye yo, gani yo, anrichi yo, yon fason pou sosyete a kapab wè, aprann epi konprann sou kisa tel ou tel gwoup chita. Nou tout konnen se Lide yo ki pou fè Liy yo/sosyete a bouje.

Ce sont les idées qui mènent le monde mais non les ragots, les calomnies, les voye monte.
Embarquons-nous dans le wagon du changement d’Haïti avec force de propositions et donnons une opportunité/chance au peuple de pouvoir s’orienter vers la route du développement, du progrès pour un changement de ses conditions d’existence.

Sa pa vle di pou nou vin ofri sa nou konnen ki pa posib. Nou dwe reyalis, nou dwe konnen se nan yon pwosesis long nou antre.

Le réalisme en tout et partout.

Pou sa n ap fè:
Dyagnostik
N ap evalye mwayen yo
N ap mezire fós nou pou n wè kouman n ap twoke kòn nou ak lòt yo. Sa vle di n ap gade kontrent yo pou n wè kouman pou n fè fas ak yo.
Sonje ap toujou genyen kontrent/baryè.
N ap defini échéancier.

An n konsidere Ayiti tankou yon machin. Li pap janm mache pou kont li. Se nou menm ki pou fè l mache epi jere l byen pou l pa an pann toutan.

An nou di fwa sa se pou tout bon. N ap fè machin nan mache byen. Se sa mesyedam PASTEF yo te di pou Sénégal. Nou kapab di yo byen kòmanse.

Marcel Poinsard Mondésir
06/04/2024.-

TOUS DROITS RÉSERVÉS [email protected] téléphone ☎️ 509 48438136.

LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39