Ayiti/Jistis
Ki avni tout dosye KòRIPSYON yo?
Kouman lajistis ap rapousib ak dosye CNE à?
Èske Jij Dimanche te gen yon pwoblèm pou l ta fè yon “plomb gaye konsa?
Èske pa gen materyèl CNE ki te detounen vre?
Kouman lajistis ap rapousib ak dosye sa?
Èske se pèp la ki dwe toujou “le perdant” ou byen sa k ap pase?
Nou panse li fondalnatal pou gen yon pawòl ki di sou koze pèt materyèl CNE sa. Li pa kapab toutan se konsa dosye yo fini. Tout sa Leta posede, tout sa peyi a posede pa kapab toujou ap pase nan sa yo défini Pèt ak pwofi a.
Leta pa kapab se yon manmèl bèf tout moun vini li bwè lèt epi se fini.
Ki leson n ap bay jenerasyon apre yo.
Èske nou vle fè sosyete a konnen, nou vle fè jènes la konnen pawòl sa yo se pawòl verite: “ Qui vole l’État, n’est pas voleur”.
Non nou pa kapab kontinye ap devlope kilti sa. Nou pa kapab kontinye ap fè pwopagann sa.
Nou pa kapab kontinye ap fè pwomosyon sa.
Se pou nou tout dakò e se pou lajistis jwe wòl li. Se pou lajistis pran responsablite l, paske:”qui vole l’État, est voleur”. E moun sa merite PINISYON.
Se sèl fason pou n voye bon imaj bay sosyete a, bay jenès la epi tou bay jenerasyon k ap vini yo.
Se yon kesyon moral, se yon kesyon etik sa ye. Se pou jenès la konnen modèl la se pa vòlè y’a, vòlè a se moun pou sosyete a bay bwa long kenbe. Vòlè a dwe jwenn santans lajistis.
Si dosye CNE a ta fini jan nou wè l la, enben ki avni dosye sa yo: CIRH, Petwokaribe, Karavann chanjman, FNE, ONA ak tout gagòt ekip PHTK yo san wete, san mete fè nan lajan Leta ak byen piblik yo.
Se pou popilasyon an di kisa l vle Wi. Èske l dakò pou Ayiti toujou rete yon poul pou gwo palto nan Leta ak nan sosyete a deplimen lè yo vle, jan yo vle, epi ANYEN?
Komisyon Prezidansyèl Tranzisyon an ansanm ak tout gouvènman dosye sa yo dwe anndan Fèy wout la epi yo dwe jwi du “*bénéfice de l’urgence*”.
Mèsi
Ekri pa:
Marcel Poinsard Mondésir
09/04/2024.-
TOUT DWA REZÈVE [email protected] téléphone ☎️ 509 48438136.
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOU SE ZYE AK ZÒRÈY OU.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel