Ayiti-Politik NòT POU LA PRÈS Òganizasyon Sosyo Politik « LAVI » pou fikse pozisyonl sou Konjonkti Politik ak Sekirite nan peyi Dayiti

Ayiti-Politik

NòT POU LA PRÈS

Òganizasyon Sosyo Politik « LAVI » pou fikse pozisyonl sou Konjonkti Politik ak Sekirite nan peyi Dayiti

Nan yon nòt manm òganizasyon sa a mete deyò nan jounen jedi 11 avril 2024 la, yo pale konsa;
Nou lidè ki nan òganizasyon sosyopolitik LAVI, nou mete 2 men nan tèt nou pou n mande ki kote gouvènman defakto demisyonè sa ki sot fè 32 mwa ap detwi peyi a, kote yo fè Ayiti sanble pi mal ak yon peyi ki sòti nan yon gè nikleyè, vle mennen nou? èske se pi fon yo vle plonje nou?
Aprè 32 mwa, nou tout ka konstate ke peyi a prèske fin efondre, si nou tout pa mouri deja se pa fòt gouvènman sa.
Nou di ase, twòp san koule, twòp byen detwi, Ayiti ak Ayisyen ap vin pi pòv chak jou, tout senbòl leta tonbe, timoun paka ale lekòl, moun paka al travay, tout aktivite bloke pandan jwèt mètdam ap fèt tout kote.

Gen yon sèl pèdan nan tout dilatwa k ap fèt la, se pèp Ayisyen an. Toutfwa n ap pwofite di popilasyon an gen yon gwo menas sou peyi a ak pwosesis mizanplas konsèy prezidansyèl la ke nou panse ki se yon bèl egzèsis tèt ansanm ak kèk sektè nan peyi a, bravo pou yo!
Men konsèy la pa gen okenn lidèchip sou pèp la, li pa rive atire atansyon yo, sa ki lakoz popilasyon an rete totalman endiferan ak sa k ap pase la. Nan sans sa nou ankouraje yon ouvèti lajman laj de espas dyalòg yo men nou pa vle pèsonn moun panse gen yon « gato pouvwa » yo pral separe men tou piga okenn moun oubyen gwoup moun panse li gen plis dwa ke yon lòt pandan li pat sòti nan okenn vòt popilè ni yon demach demokratik.

Sa ki pi ijan jodia se pou rès debri pouvwa ki la yo bay talon yo prese prese, nou bayo semèn sa pou yo fini ak teyat sa y ap jwe a sou soufrans pèp la. Si sa pa fèt nou ap deside ak tout sektè ki konprann sa k ap fèt la menm jan avèk nou pou n òganize nan tout peyi a de mach pasifik pou n mande arestasyon prese prese kriminèl sa yo ki kontinye kenbe peyi a an otaj.
Nou menm nan LAVI nou pa entèrese patisipe nan okenn pouvwa ki pa sòti nan matris pèp la men nou vle patisipe nan tout refòm ki pral fèt yo yon fason pou sistèm peze souse, newo-esklavajis ak kolon nèg yo pa tounen ankò sou kòtòf lestomak ti mas pèp la.

Nou mande pèp la pou l rete vijilan paske menas yo toujou la, nou poko wè prezans yo nan sa k ap fèt la.
Pèp Ayisyen, operasyon sa mande yon makaj sere sere, paske pi bon chemen pou yon moun pran pouvwa se nan eleksyon, nou menm nan LAVI ki se pòt vwa pèp Ayisyen an, men revandikasyon nou yo:
1.- Sekirite pou tout moun nan yon dyalòg sou Kesyon an ak tout moun.
2.- konferans nasyonal la ak patisipasyon tout moun pik kou maro zanana kou pingwen.
3.- batay kont grangou, lamizè, chomaj e rebay jèn yo espwa.
4.- travay pou fè ayisyen rejwenn gou lanmou yo pou Ayiti.
5.- eleksyon pou gen vrè dirijan eli, lijitim, pou reprezante pèp la.
6.- batay pou newokolon nèg yo pa replante sistèm lanfè a nou fin kraze a.

7.- pale ak peyi zanmi yo san nou pa rete ak yo nan yon dyalòg ganyan ganyan
8.- veye tranzisyon an pou li pa ba nou menm mòd gouvènans fachis kriminèl tankou Ariel ak sa k pase deja yo.
9.- kanpe anfas tout mannèv ki vize mete pèp la de kote e pou pran pouvwa pou regle zafè yo, vijilans lan dwe kòmanse jodia sou debri pouvwa makyavèl Ariel la an pasan pa tranzisyon sa ki sanble tet koupe ak yon tranzisyon ki koulout.
Jwèt la nan men pèp la, nou konnen pèp la batay anpil, li ka fatige men li pa ni abandone ni dekouraje, li nan yon somèy repo, li pa lwen reveye ak tout fòs li melanje ak enèji zansèt
yo.

Sèt fwa si sistèm lisifè a tonbe, li kraze an miyèt mòso li pap releve, ansanm n ap kanpe sistèm pa nou an.

Sa k te pase nan vèy la p ap pase nan antèman an « 2024 pa aprè 1804 » yo te vòlè rekòt endepandans pou l pat akouche chanjman sosyal ak ekonomik yo pou chak grenn ayisyen te jwenn lavi miyò, jodia n ap fè chanjman sosyal ak ekonomik yo nan yon sistèm egalitè kote tout moun se moun e gen menm dwa, kote lavi ak lapè ka boujonnen pou bay pwogrè, jistis, sa ki va fè fyète chak grenn Ayisyen kèlkeswa kote l ye nan mond lan.

Se nan travay sèlman nou ka konstwi Ayiti nou vle a « Ann Mete Men »
Pou Lavi:
Benait Gelus; Kòdonatè Nasyonal.

Fernando Duclair; Kòdonatè nasyonal adjwen.

Serge Pierre; Sekretè jeneral.

Munson Jean; Ekonomis, Pòt pawòl.

Mèt Jean Jacques Frantzo; Avoka, Defansè Endepandan Dwa Moun
Pòt pawòl.

Mèt Samuel Duvers; Avoka, Pwofesè
Pòt pawòl.

La rédaction de Le Tout au Pluriel Magazine !

renearisthè[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.

Le Tout au Pluriel Magazine nous vos yeux et vos oreilles.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!