*Ariel Henry ak ekip li yo di nou se “Ki mele yo ye*
Èske se tonton Nwèl enfo ki fè konnen dechèpiyè Ariel yo ta siyen dekrè a?
Èske nou dakò soufrans pèp la pa vle di anyen pou bandi legal Ariel yo?
Èske nou sezi jouk ki kote manfoubinis Ariel Henry ak ensousyan parèy li yo ye? Ki mele n peyi bloke. Fòk nou konnen ki kote n ap “Caser”, pawòl anpil nan ekip san konsyans Ariel Henry. Se youn nan kòz trennen pye yo a.
Kouman nou kapab entèprete aksyon ekip Ariel Henry ak tout gouvènman rabòday li y’a lè : Lopital pa kapab fonksyone, lekòl kanpe, Ayewopò entènasyonal ak Pò fèmen anyen pa antre anndan peyi a pou moun fonksyone, moun pa gen dlo nan anpil zòn epi gouvènman di nou pa konprann dokiman yo voye ba yo pou pran dekrè a? Èske se pa Ireponsablite paske yo pap viv nan menm planèt ak pèp la?
Ekip Ariel Sankoutya Henry a montre nou tout “le temps ne veut rien dire pour elle.” Konsa, yo fè nou konnen tout bon mak fabrik yo se “kale wès”.
Ekri pa:
Marcel Poinsard Mondésir
12/04/2024.-
tout dwa rezève
[email protected]
téléphone ☎️ 509 48438136.
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel