Laprès/Divizyon: Marie Raphaël Pierre pap fè emisyon avèk Rudy Sanon ankò

Laprès/Divizyon: Marie Raphaël Pierre pap fè emisyon avèk Rudy
Sanon ankò

Divizyon nan mitan 2 jounalis Radyo Ibo. Marie Raphaël Pierre anonse jodi madi 23 avril 2024 la li pap anime emisyon « Kisa nou vle » avèk Sanon Thomas Rudy ankò.

« Depi koulye a mwen pa ko-animatè emisyon Kisa Nou Vle a ak Sanon Thomas Rudy. Mwen pa negosye diyite mwen, respè mwen, onètete mwen, entegrite mwen. Mwen rete yon pwofesyonèl », se sa Marie Raphaël Pierre ekri sou paj Fesbouk li.

Pilwen li envite piblik la pou Kontinye swiv li sou ond radyo Ibo (98.5 FM) ak rezo sosyal li yo depi lendi pou rive jedi nan emisyon Point du Jour 2h-4h PM.

Desizyon sa pwovoke anpil reyaksyon sou rezo sosyal la.

Pou kounya nou poko konnen ki sa ki lakoz li kanpe nan emisyon an.

Par Jean Rony Poito
PETIT FRERE
Le Placentin

Le tout au pluriel magazine Nou se zye ak zòrèy ou.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!