Konsey prezidansyel/ PNDPH/Reyaksyon Sekretè jeneral Pati Nasyonal Demokratik Pwogresis Dayiti, Jean Antoine Vital, salye enstalasyon konsey prezidansyel la ki dapre li se yon viktwa pou oganizasyon konferans nasyonal , ansyen senate Turneb Delpe tap pwone-a nan lide pou rekonsilye tout pitit peyi-a pou refonde leta.

Konsey prezidansyel/
PNDPH/Reyaksyon
Sekretè jeneral Pati Nasyonal Demokratik Pwogresis Dayiti,
Jean Antoine Vital, salye enstalasyon konsey prezidansyel
la ki dapre li se yon viktwa pou oganizasyon konferans nasyonal , ansyen senate Turneb Delpe tap pwone-a nan lide pou rekonsilye tout pitit peyi-a pou refonde
leta.

Jean Antoine Vital mande responsab yo nan leta pou bay polis nasyonal la ekipman ak materyel nesesè pou konbat fenomèn ensekurite ki lye ak zak vyolans bandi ak zam yo epi ranfose kapasite fos lame.
Li mande tout manm konsey prezidansyel la mete tet yo ansanm epi gade nan yon sel direksyon pou byen Mennen bak peyi-a.

Fenomèn ensekurite-a lye ak vyolans bandi ak zam yo ki regwoupe yo nan yon strikti ki rele ‘ viv ansanm’ pou kontinye simen latwoublay nan dives kwen andan peyi-a. yon situyasyon ki lakoz plizyè milye fanmi oblije abandone lakay yo nan dives katye popilè pou yo pa viktim.

Dirijan PNDPH la, Jean Antoine Vital, di li espere, konsey prezidansyel ki prete sèman epi enstale jedi 25 Avril 2024 la pral komanse travay San pèdi tan pou retabli lod, lapè ak sekirite pami priyorite li genyen yo nan sousi pou fasilite tout sitwayen mennen aktivite yo Jan sa dwe fet.
[email protected]

Salle rédaction de le tout au pluriel magazine [email protected]
téléphone ☎️ 509 48438136.

LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!