Fwa sa, mwen pap kite wòch yo pale pou mwen!
Pwovèb la di:”lagè avèti pa touye kokobe”, menm jan tou, dizon Ayisyen yo fè konnen: “se pa lè kabrit fin pase pou n rele fèmen baryè”. Konsa, genyen yon nouvèl ki simaye sou net la, peyi Kenya anvayi ak mikwòb kolera (Vibrio cholerae). Yon mikwòb yo te genyen lakay yo deja. Yo te kwape l, men ak dènye lapli yo kolera la tounen pou pirèd. OMS, fè konnen li gaye e yo jwenn anpil moun enfekte.
Nou sonje kouman Népalais yo te simaye maladi sa anndan peyi a. Jouk kounye a, Ayisyen ap peye po kase a. Nasyonzini pa janm pran tout responsablite l nan dosye sa.
10 mil moun mouri plis pase 200 mil te kontamine. Menm pwoblèm dlo a Nasyonzini pa janm pran bon jan dispizisyon pou ede nou rezoud. Kounye tout lopital, sant sante nou yo demantibile. Mete sou sa, Pèsonèl medikal la ki pran gwo gwo pataswèl anba men bandi pouvwa ak bandi a sapat yo nan kidnaping anpil nan yo twomatize blije al trennen nan peyi etranje. Pa genyen moun pou bay laswenyay.
Nan kisa Ayiti prale la, si Choléra tounen ak Fòs li te ye lè Népalais yo te simaye mikwòb la.
Nou pap di nou pat konnen. Nouvèl la gaye, choléra anvayi Kenya ankò.
Konsèy Nasyonal Tranzisyon jwèt pou ou.
Enstitusyon Dwa moun yo, jwèt pou nou.
Biwo Avoka Entènasyonal (BAI) ki te prezante dosye a devan Nasyonzini nan kad yon veritab kanpay pledwaye jwèt pou ou.
Asosyasyon medikal Ayisyèn fè tande vwa w.
Otorite moral yo kote nou?
Federasyon Bawo yo se pou nou pran defans sosyete a.
ANMH ak AMI se pou nou mete vwa nou ansanm, se pou nou mennen envestigasyon pou n chache konnen kouman sa ye nan peyi Kenya ak koze Choléra.
Se vre zak bandi yo, konpòtman bandi legal yo, atitid tout anti Nasyonal yo se zak Choléra yo ye, se zak Scélérat yo ye paske se LaVi nou y ap detwi, men sa pa vle di pou n chache pwoteje lavi nou kòm pèp nou blije kouri dèyè yon lòt gwoup ki alapapòt nou konnen gen posiblite pou l detwi nou tou. Èske pèp Ayisyen pa renmen lavi? Pèp Ayisyen renmen Lavi. Se pou sa chak jou l ap batay pou n jwenn byenèt ak bonè. Se pa nan Syèl la nou pral dèyè yo.
Nou vle lavi. Se pou lavi n ap goumen. Se pou sa, tout Fòs ki vle detwi lavi nou, nou pa dakò ak yo. N ap toujou kanpe ankwa kont tout fòs lanmò.
Se pou tout Enstans nan peyi y’a mande Òganizasyon Mondyal Sante (OMS) pou l pwononse l piblikmam sou zafè Choléra nan peyi Kenya.
Se pou OMS di kouman li deplòtonnay Twoup yo/Fòs lame Kenya nan peyi dAyiti ak prezans Vibrio cholerae a ki gaye lakay yo.
Sonje OMS te admèt se twoup Nepalais yo ki te pote Virus/mikwòb la pou nou.
Enstans Nasyonzini sa te fè yon seri Rekòmandasyon pou Òganizasyon mondyal la te kapab ede Ayiti/peyi nou kwape maladi a. Jouk jodi a se “Nad marinad”. Anyen pa janm fèt.
Peyi a lage ak yon bann Timoun san Manman ak papa/Timoun òfelen, yon maladi ki vin Chronique, yon bann moun ki vin pi pòv akòz dega Vibrio cholerae a.
Nou pap vin di tankou pouvwa Martelly a Misyon an pa responsab Choléra gaye nan peyi a.
Écrit par :
Marcel Poinsard Mondésir
11 Me 2024.-
TOUS DROITS RÉSERVÉS [email protected] téléphone ☎️ 509 48438136.
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel