Bòn Fèt Manman!
Fanm se premye Sous Lavi.
Fanm se premye pòt antre Lespwa.
Fanm se premye TIZON ki fè limyè blayi sou fas tè a.
Fanm se premye moun ki fè n pale.
Fanm se premye dra pwotektè moun.
Fanm se premye moun ki fè n konnen sans ak valè LANMOU.
Fanm se Premye moun ki konn Soufrans ki konn doulè Lavi.
Chak jou limanite dwe Fanm Respè paske nan li menm Lavi jwenn tout sans li, tout valè l, tout enpòtans li.
Se pou sa Jodi y’a mwen vin di tout Fanm kote y ap Selebre Fèt Manman:
Onè
Respè
Mwen vin anbrase tout Manman pou Lavi yo ba nou.
Mwen di tout Fanm, tout Manman Kouraj paske yo kontinye batay pou konsève Lavi sa epi tout pou kreye plis Lespwa nan nou.
Fanm yo devan nan tout pwotestasyon kote lagè ap fèt pou detwi Lavi.
Se Fanm, se Manman ki konnen doulè. Se pou sa, se Fanm, se Manman k ap pote Drapo lapè tout kote.
Bòn Fèt tout Manman.
Se pou zam yo sispann tout kote lagè ap detwi lavi paske Manman yo, Fanm yo pa ba nou Lavi pou n fè mal.
Okontrè!
An n bay chak Fanm, chak Manman yon vre Bouke Flè kote lavi ak Lanmou ap anbome tout pitit yo sou Tè a.
Marcel Poinsard Mondésir
12 Me 2024
Fèt Manman
TOUS DROITS RÉSERVÉS [email protected] téléphone ☎️ 509 48438136.
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel