Ayiti Politik
Kous pou Primati a: 5 Kandida Seleksyone pou yon Deba Piblik
Senk kandida seleksyone pou fonksyon Premye Minis pral patisipe nan yon deba piblik desizif. Garry Conille, Paul Antoine Bien-Aimé, Fritz Bélizaire, Jean Alix Didier Fills-Aimé ak Rodolph Joazil pral eseye konvenk odyans lan ak moun k ap pran desizyon yo sou kapasite yo pou dirije tranzisyon an. Alòske tout enfòmasyon te fè kwè se nan fen semèn sa Konsèy prezidansyèl la ap deside sou chwa Premye minis la, deba piblik la ta fikse pou Lendi 27 oubyen Madi 28 me 2024.
Deba enpòtan sa a, k ap fèt nan Villa d’Accueil, se yon etap esansyèl nan pwosesis seleksyon Premye Minis tranzisyon an. Kandida yo ap gen okazyon pou prezante vizyon yo ak estrateji yo pou jere peryòd tranzisyon sa a avèk siksè.
Konpetisyon an di, e chak kandida dwe demontre kapasite yo pou jere defi Sekirite, politik ak ekonomik ki egziste kounye a Ayiti. Gayan deba piblik sa a ap nan yon pozisyon fò pou okipe pòs Premye Minis la, yon wòl kle pou lavni peyi a.
Le Tout au Pluriel Magazine [email protected] téléphone ☎️ 509 48438136.
NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel