Marcel Poinsard Mondésir (TiMasèl) 27 me 2018 Kit ou se Manman, Kit ou pa Manman, Kit ou gen Manman, Kit ou pa gen Manman, Map di w Bonjou epi Bòn Fèt Manman.

Marcel Poinsard Mondésir (TiMasèl)
27 me 2018

Kit ou se Manman,
Kit ou pa Manman,
Kit ou gen Manman,
Kit ou pa gen Manman,
Map di w
Bonjou epi Bòn Fèt Manman.

Yon jou tankou jodi a Manman mwen te ak mwen. Mwen tap karese l, mwen te gen bouke Flè wouj sou lestomak mwen. Kè mwen te kontan anpil. E sa te fè Manman m ak mwen plezi.

Se yon lwa nan nati a, ou fèt yon jou, ou viv yon tan, ou gen pou ale yon jou.
Konsa, Manman mwen genyen kèk Tan li kite nou( 2Sè mwen yo ak Frè mwen), men li prezan chak Jou nan nou. Paske chak fwa nap poze yon aksyon, nou toujou reflechi sou sa li te konn di nou, sou Valè li te trasmèt nou. Pi gwo valè li te transmèt nou se : renmen ak pataj. Li te toujou fè nou konnen enpòtans Don: pawòl sa se tankou yon pawòl levanjil li te ye pou Manman tèlman li te konn repete l souvan: Depi w renmen bay wap jwenn (resevwa) kanmenm. Moun Ki konn pataje pa fouti pa genyen. Epi pa janm espere se moun ou bay la kap fè jès an retou ak ou.

Menm jan tou, Manman m te toujou di lanmou se sous bonè ak byenèt.
Mwen pa chagren, paske mwen kwè chak Jou Manman m ansanm ak mwen. Paske chak Jou mwen viv lanmou ak pataj.

Se pou mwen di nou, nap fête Manman, nap di Bòn Fèt pou tout Manman epi pou tout Fanm ki gen pou vini Manman.

Nou dwe gade tout sa Manman fè kòm aksyon pou ba nou lavi, pou fè kè nou kontan, yon fason pou chak Jou nou genyen plis apresyasyon, plis afeksyon, plis Respè pou yo.

Pou okenn rezon, sosyete a pa dwe aksepte, pa dwe tolere moun kap degrade Manman. Tout moun ki aji konsa, se sosyete a yo devalorize, se sosyete a yo kraze, paske yo atake fondman ak rasin sosyete a menm.

Nou kwè chak pitit genyen Pou pipiti yon rezon Pou li di :” Pa genyen tankou Manman m.” E se vre, ou pa kapab diskite yon koze ak li. Se sèl yon pitit Ki viv bonté, beauté ak qualité yon Maman. Konsa chak Manman se yon Manman espesyal, yon Manman ou pa kapab twoke.
Bòn Fèt Manman!

TOUS DROITS RÉSERVÉS [email protected] téléphone ☎️ 509 48438136.

LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!