Ayiti/Sekirite Depi Ayiti pagen plan sekiritel, lap antre nan plan pou yon lòt peyi gen sekirite.

Ayiti/Sekirite
Depi Ayiti pagen plan sekiritel, lap antre nan plan pou yon lòt peyi gen sekirite.

Si apre tout Sa nap sibi ( vyòl, kidnapping, vòl e latriye*) jis paske gen yon ti group ògeye San sans leta, San lanmou patriyotik ki te nan tèt peyi a ki pat priorize sekirite nou, byenèt nou. yo te prefere peyi a kraze olye yo itilize plan sekirite senatè Youri LATORTUE te propze a, sou pretèks sil rezoud li la vin prezidan.

Si jodia Ankò majorite silansyez la pata konstitiye yon group de presyon pou fòse letaa aplike plan, nou dwe kesyone nou sou Aspirasyon reyèl nou kòm Nasyon.

Kèk rezon ki dwe fèw sipòte plan:

1- Li fèt pa yon ekspè nasyonal. Rezoud problèm sekirite a ak li, ap voye yon siy bay peyi a espesyalman jenès la ke nou kapab rezoud problèm nou yo pou kont nou.
Nap bay yon gro kalòt ak lide se blan ki ka fè sak bon yo mete nan tèt anpil nwa.

2- plan prepare pa yon moun ki gen anbisyon poun ta dirije peyi a kòm prezidan, li konnen si plan echwe sa ap redwi konsiderabman chans poul prezidan.

3- si group ki tap dirije a te wè ke pagen mwayen pou konbat ensekirite a ak plan an, yo tap kite senatè LATORTUE al kase danl poul te ka pèdi popilarite l.

4- poukisa olye yo atake travay la sou metodolojil, sou kontnil yo prefere fè ap atake karaktè konseptè plan an.

Par :
Dr. Guitto JEAN
NOU PAP BAY VAG

TOUT DWA REZÈVE.
[email protected] téléphone ☎️ 509 48438136.

LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!