Haïti-Edikasyon/Sanksyon: MENFP pran sanksyon kont anplwaye ki enplike nan zak koripsyon pou manipilasyon nan zafè legalizasyon diplòm ak sètifika epi ranfòse dispozisyon kontwòl sou dosye sila yo

Haïti-Edikasyon/Sanksyon: MENFP pran sanksyon kont anplwaye ki enplike nan zak koripsyon pou manipilasyon nan zafè legalizasyon diplòm ak sètifika epi ranfòse dispozisyon kontwòl sou dosye sila yo

Pòtoprens 6 jen 2024.- Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ap enfòme piblik la li pran sanksyon kont anplwaye ki enplike nan zak koripsyon nan manipilasyon pou lajan dokiman pou legalizasyon tankou diplòm ak sètifika. Konsa, MENFP deside sispann anplwaye ki enplike nan move zak sa yo e li pral fè suivi pou jwenn revokasyon yo.

Ministè a pran desizyon sa a apre rapò ki soti nan Direksyon Afè Jiridik (DAJ) ak plent izaje li te resevwa kont anplwaye sila yo, epi tou apre verifikasyon sou akizasyon zak koripsyon sa a.

Suivan enstriksyon otorite Ministè Edikasyon Nasyonal, Enspeksyon Jeneral Edikasyon Ministè a pral founi je gade pou apwofondi ankèt la, ak kolaborasyon DAJ, pou idantifye tout lòt moun ki ta enplike nan move zak sila yo, pou yo ka jwenn sanksyon yo merite dapre lalwa ak règleman sou kesyon an.

MENFP pwofite raple piblik la, se sèlman yon resepise pou achte nan DGI pou chak dokiman y ap legalize anndan Ministè a. Okenn sitwayen pa dwe peye yon goud anplis pou sèvis sila a.

MENFP fè sonje li te deja pran plizyè mezi nan batay l ap mennen kont koripsyon sou kesyon sa a tankou lè li te pran desizyon fèmen biwo Ministè a te genyen nan Babiole epi tout moun ka pran sètifika bakaloreya yo tou legalize, anliy, sou sit Ministè a. Anplis, Ministè a pa pran diplòm inivèsite pou legalize nan men yon moun. Se Inivèsite yo, yo menm ki dwe fè swivi direkteman avèk Ministè a atravè Direksyon Anseyman Siperyè ak Rechèch Syantifik (DESRS) ak DAJ ki anchaj kesyon sa a.

Ministè envite tout moun pote plent kont endividi k ap mande kòb pou bay sèvis aloske lalwa ak règleman yo pa mande sa. Konsa, nou ka rele nan Sant apèl Ministè a pou bay doleyans nan nimewo sa yo: + 509 31267519/+509 47204375.

Se men nan men n ap rive kaba koripsyon nan sèvis piblik yo.

Sal redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin !

[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.

Le Tout au Pluriel Magazin nou se je w yo ak zòrèy ou yo tou.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!