Ayiti-Politik/𝗧𝗶 𝗺𝗼𝘀𝗼 𝗟𝗶𝘀𝘁𝘄𝗮
26 jen 2024 ki sot pase la a, Mesye Jovenel Moïse, 58 tyèm prezidan peyi dAyiti, nèg banann nan, te sipoze selebre 56 lane depi li te wè jou nan Trou du Nord, 26 jen 1968.
Li t ap soufle 56 bouji vre, si nan nwit 6 pou rive 7 jiyè, foto kadav li pat kòmanse sikile sou entènèt la kote tout moun te ka wè kadav premye sitwayen peyi a, kraze, maspinen.
Kiyès ki touye l?
Kijan l mouri?
M pap janm kapab reponn kesyon sa yo. Men, nan chanm kote kadav li te ye nan Pèlerin 5, kay prive li, madanm li, yon bèl nègès, deklare bay laprès, ke lè zak ansasinay la t ap fèt, li te kouri kache anba yon kabann. Yon kabann ki sanble te kanpe sou blòk, menm si FBI deklare nan yon rapò ke yo pa wè kote pou menm yon sourit ta pase anba l.
Èske se la a menm, nan chanm sa a prezidan an jwen lanmò li? Lasosyete, mpa konnen, mpat la. Men, se pa yon katouch ki touye l? Foto ki t ap sikile yo montre se yon nonm yo bat anpil, ki pase anpil tan ap soufri, yon nonm yo kase zo l, pete je l. Èske pandan tout krabinay sa a li pat janm di way? Pou menm yon chen pa jape, yon gad pa tire menm yon katouch anlè?
Mwens pase yon jounen aprè mirak sa a, premye minis ke li te te chwazi anvan li mouri deklare ke:
“𝙏𝙤𝙪𝙩 𝙚𝙨𝙩 𝙨𝙤𝙪𝙨 𝙘𝙤𝙣𝙩𝙧ô𝙡𝙚“
Kèk jou an aprè, madan defen an, podyab ki pèdi nèg lavi li, ki pran plizyè katouch nan yon sèl ponyèt, yon ponyèt ki sanble te deranje ansasen yo, pral sòti yon nòt, kote l kouche lopital la, yon nòt ki te plis sanble ak kòmansman yon kanpay elektoral.
Men, Bon Dye pi fò, li pa bay pèn san sekou. Malgre pòv madanm nan te pran plizyè bal nan yon sèl ponyèt, li ba li fòs pou li debake nan peyi a kèk grenn jou an aprè byen djanm pou l ap bay premye minis ki te jwen kontwòl sitiyasyon an nan yon bat je a, gwo ponyen lanmen.
Nan antèman prezidan an, youn nan pi gwo advèsè defen an tèlman gen dyòl dous, li jwen mwayen pou wete lapèn nan kè premye dam nan pou fè li kase yon bèl souri. Yon bèl souri, sou figi yon bèl grenn fanm, se yon siy lespwa.
Nan diskou li fè jou antèman an, menm si je l pat wè plis ke bòt ansasen yo, madanm nan sanble gen kèk ti enfòmasyon sou moun ki ta dèyè gwosè zak sila a. Li te di konsa:
“𝙏𝙪 𝙣𝙚 𝙥𝙚𝙣𝙨𝙖𝙞𝙨 𝙥𝙖𝙨 𝙥𝙖𝙧𝙩𝙞𝙧 𝙢𝙪𝙩𝙞𝙡é, 𝙙é𝙨𝙖𝙧𝙩𝙞𝙘𝙪𝙡é !
𝙏𝙪 𝙖𝙨 é𝙩é 𝙨𝙖𝙪𝙫𝙖𝙜𝙚𝙢𝙚𝙣𝙩 𝙖𝙨𝙨𝙖𝙨𝙨𝙞𝙣é, 𝙩𝙤𝙞 𝙦𝙪𝙞 𝙖𝙨 𝙩𝙤𝙪𝙟𝙤𝙪𝙧𝙨 𝙧𝙚𝙣𝙤𝙣𝙘é à 𝙡𝙖 𝙫𝙞𝙤𝙡𝙚𝙣𝙘𝙚 !
𝙏𝙪 𝙖𝙨 𝙩𝙤𝙪𝙟𝙤𝙪𝙧𝙨 𝙥𝙧ê𝙘𝙝é 𝙡𝙚 𝙥𝙖𝙧𝙙𝙤𝙣, 𝙡𝙖 𝙧é𝙘𝙤𝙣𝙘𝙞𝙡𝙞𝙖𝙩𝙞𝙤𝙣, 𝙡𝙚 𝙩è𝙩 𝙖𝙣𝙨𝙖𝙣𝙢 !
𝙊𝙣 𝙖 𝙘𝙤𝙢𝙥𝙡𝙤𝙩é 𝙘𝙤𝙣𝙩𝙧𝙚 𝙩𝙤𝙞, 𝙩𝙚 𝙘𝙤𝙣𝙙𝙖𝙢𝙣𝙖𝙣𝙩 à 𝙢𝙤𝙪𝙧𝙞𝙧 𝙙𝙖𝙣𝙨 𝙡𝙖 𝙗𝙖𝙧𝙗𝙖𝙧𝙞𝙚 𝙚𝙩 𝙡𝙖 𝙘𝙧𝙪𝙖𝙪𝙩é!
𝙏𝙤𝙞 𝙨𝙞 𝙞𝙣𝙙𝙪𝙡𝙜𝙚𝙣𝙩 𝙚𝙣𝙫𝙚𝙧𝙨 𝙡𝙚𝙨 𝙖𝙪𝙩𝙧𝙚𝙨, 𝙩𝙪 𝙖𝙨 𝙘𝙤𝙣𝙣𝙪 𝙡𝙖 𝙝𝙖𝙞𝙣𝙚 !
𝙄𝙡𝙨 𝙩’𝙤𝙣𝙩 𝙟𝙚𝙩é 𝙡𝙚𝙪𝙧 𝙫𝙚𝙣𝙞𝙣 𝙥𝙤𝙪𝙧 𝙖𝙨𝙨𝙖𝙨𝙨𝙞𝙣𝙚𝙧 𝙩𝙤𝙣 𝙘𝙖𝙧𝙖𝙘𝙩è𝙧𝙚.
𝙏𝙤𝙞 𝙩𝙤𝙪𝙟𝙤𝙪𝙧𝙨 𝙨𝙞 𝙡𝙤𝙮𝙖𝙡 𝙚𝙣𝙫𝙚𝙧𝙨 𝙩𝙚𝙨 𝙥𝙧𝙤𝙘𝙝𝙚𝙨, 𝙩𝙪 𝙖𝙨 é𝙩é 𝙖𝙗𝙖𝙣𝙙𝙤𝙣𝙣é 𝙚𝙩 𝙩𝙧𝙖𝙝𝙞.”
Mwen, mpa fouti di n kiyès ki trayi l, abandone l. Jodi a 7 jiyè 2024 la, fè 3 lane depi prezidan yon peyi mouri anba je tout gad palè, anba je pi gwo pisans mond la, ki toujou kanpe an mèt Ayiti.
Jiskaprezan, se jwèt timoun k ap fèt nan ankèt la. Se ti pwason k ap antre nan filè lajistis, pa menm lajistis peyi dAyiti non. gwo reken yo kontinye ap paweze, petèt an Ayiti tankou nan lòt peyi, an atandan yo manje yon lòt JoMo.
Redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin !
[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.
Le Tout au Pluriel Magazin nou se je w ak zòrèy ou yo.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel