Ayiti-Politik: COPOL deside batay kòt a kòt ak popilasyon an
Bonjou tout konfrè zanmi jounalis peyi a 4èm pouvwa k ap goumen lontan pou bagay yo chanje men chak jou pi plis bagay yo vinn pi mal tankou se wòch n ap lague nan lanmè. COPOL konsyan de tout batay sa yo anba ampil peripesi.
COPOL ki konprann e ki wè ki konsyan de batay nou li deside jodi a kanpe kote pèp la nan batay pou byennèt pèp sa a malgre anpil frè twonpe nou twonpe pèp la sa pa ka dekouraje nou men kanmenm pou dwe kontinye nou pa ka kanpe. Sou baz sa COPOL fè chwa sa poul batay a kote pèp la ak pèp.la avèk anpil lot vizaj e nou kwè nan emèjans yon klas politik boure de konviksyon detèminasyon ap mande pou chak sitwayen ede l nan batay sa a paske nou tout ap soufri, nou tout reve yon Ayiti miyò. COPOL konte sou ou ann fè l ansanm san ipokrizi pa gade sou sak pase yo men ann eseye ak COPOL.
COPOL ap rete ouvè pou tout diskisyon sou batay li vle menen, vizyon li ak filozofi li.
Majistra Jean Claude Douyon;
KODÒNATÈ COPOL.
Robenson René;
Kòdonatè pati politik PARDON HAÏTI, KÒDONATÈ ADJ. COPOL.
Redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin !
[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.
Le Tout au Pluriel Magazin nou se je w ak zòrèy ou yo.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel