Lib-Opinyon
N ap mache sou bandi yo, tout bandi yo nèt!
Pèp Ayisyen èske w konnen se ou menm ki dwe pran desten w nan men w.
Tankou pawòl la di l: “se mèt Kò ki veye Kò”, sa vle di se ou menm pèp ki pou ran- ma- se ka-rak-tè w pou bay tèt ou SE-Ki-RI-TE.
Nou tout sonje kouman sa te ye lè nou te lanse OPERASYON BWA KALE A. Bandi yo te kòmanse fè bak, yo te pè kou sourit.
Depi bandi ak kravat tout plim, tout plimay yo te pran dispozisyon pou mete fen ak OPERASYON BWA kale a, bandi ak sapat yo vin pi awogan, pi sinik, pi sanginè.
Nou tout konn rezilta a:
• Plis moun disparèt;
• Plis Polisye sibi imilyasyon nan fason bandi yo etenn souf yo;
• Plis enfrastrikti piblik ak prive sabote epi pase anba flanm dife;
• Plis bandi yo ap gonfle venn epi ranfòse tèt yo kòm sèl
mèt lavi ak byen sou moso Tè ki batize Ayiti a.
Nou konprann epi nou dakò tout bon sèl moun ki kapab epi ki dwe Rezoud pou tout bon koze Bandi sou bout Tè Ayiti a, se OU menm Pèp Ayisyen.
Deklarasyon Premye minis Garry Conille dwe louvri je nou pi klè sou movèz fwa kominote entènasyonal la nan pa respekte ANGAJMAN li nan bourad yo te di y ap bay PNH la ak Misyon Sekirite a pou kwape bandi yo.
Ajisman kominote entènasyonal la depase limit nan woule n nan farin.
Ak materyèl kwachòkò sa yo kominote entènasyonal la bannou yo e ki pa kòlte ditou ak sitiyasyon sa n ap viv la a, ou pa ta di se yon jan yo fè pou lage nou tou filange nan dyòl lyon an(bandi yo).
Tout sa pou fè nou konprann sèl fason pou n fini ak kansè sa a ki se bandi yo se O-PE-RA-SYON BWA-KA- LE kote PNH la devan epi popilasyon an dèyè pou mache pran tout bandi san wete san mete.
Bandi a kravat yo k ap alimante, sipòte, tolere bandi a sapat yo dwe peye pi gwo pri pou konpòtman kriminèl yo.
Nou konn pwovèb sa:
Di dyab bonjou, l ap manje w.
Pa di l bonjou, l ap manje w.
Konsa nou pap di l bonjou.
N ap mache sou dyab la!!!
Marcel Poinsard Mondésir
09/08/2024.-
Tout Dwa Rezève
Le tout au pluriel magazine [email protected] Téléphone 50948438136.
Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel