13 – 14 Out 1791 18 Novanm 1803 Premye Janvye 1804 An n konstwi Naratif la ak dat sa yo!

13 – 14 Out 1791
18 Novanm 1803
Premye Janvye 1804
An n konstwi Naratif la ak dat sa yo!

Ayiti ak Grenadye yo prezan nan mondyal 2026 la. Koup di mond foutbòl se youn nan pi gwo aktivite espòtif sou latè. Konsa, pou kòmanse 11 jen rive 19 jiyè 2026 Drapo ble ak wouj la pral flote nan 5 kontinan paske match yo se nan diferan « fuseaux horaires » yo tout fanatik foutbòl ap branche.
Premye responsablite nou kòm pèp se pou nou fè chanje Naratif la/diskou a/langaj la yè y ap pale de Ayiti peyi nou nan radyo ak televizyon.
Se pou nou klewonnen/karyonen/konstwi naratif/diskou/langaj yon pèp konbatif, yon pèp rezistan, yon pèp rezilyan, yon pèp ki gen kouraj ak diyite.
Se pou nou fè Limanite konnen Nou se Premye Pèp ki tradwi nan reyalite triptik:
Libète Egalite – Fratènite.
Nou se Pèp ki transfòme MO Egalite a nan Lavi chak Jou.
Nou kase chenn Lesklavaj.
Pou nou menm Ayisyen
Yon Moun se Yon Moun
Yon Moun pa yon Choz
Pou nou menm Ayisyen
Se pa koulè w ki defini
Si w se Moun.
Pou nou menm Ayisyen
Tout Moun se Moun.

An n pwojte
Yon lòt diskou
Yon lòt imaj
Ak drapo Ble ak Wouj la.

Tout Fanm ak Gason Ayisyen desandan Ayisyen ki genyen kapasite kreyativ yo ekri tèks/ fè koregrafi/fè mizik eksprime nou sou tout fòm nan tout fowòm nan fason nou kapab
Pou nou fè limanite konnen
Ayiti a
Se
LiBÈTE EGALITE FRATÈNITE
TOUT MOUN SE MOUN
SE MENM SAN KI NAN VENN NOU.

13 – 14 Out 1791
18 Novanm 1803
1 premye Janvye 1804

Marcel Poinsard Mondésir
06/12/2026

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!