41 Lane Apre, Ti Manno Finalman Jwenn Rekonesans Ofisyèl li Merite

41 Lane Apre, Ti Manno Finalman Jwenn Rekonesans Ofisyèl li Merite

Kap Ayisyen, 29 avril 2026 — Karant-yon lane apre lanmò Antoine Rossini Jean-Baptiste, plis konnen sou non Ti Manno, youn nan pi gwo vwa istorik mizik ayisyèn nan ak yon figi enpòtan nan konpa dirèk, yon inisyativ memoryèl ap lanse nan nò peyi a pou rann li omaj.

Direksyon Parc Mémorial MUDAIMH anonse òganizasyon yon jounen komemoratif nan dat 13 me 2026, pou make 41yèm anivèsè disparisyon atis la.

Daprè youn nan responsab òganizasyon an, Abdience Obin, aktivite sa a vize repare yon mank rekonesans istorik anvè Ti Manno, ki malgre gwo kontribisyon li nan patrimwàn mizikal ayisyen an, poko janm benefisye de yon seremoni ofisyèl memwa, yon dokimantè, yon liv, yon mémorial oswa lòt gwo fòm omaj piblik nan peyi li.

Pwogram jounen an ap kòmanse ak yon mès espesyal nan Cathédrale Notre-Dame de l’Assomption de Cap-Haïtien, nan vil Cap-Haïtien, kote fanatik, atis ak pèsonalite kiltirèl yo envite pou rasanble nan memwa chantè a.
Komemorasyon an ap kontinye ak poz premye pyè pou yon mémorial ki pral dedye a memwa atis la, ansanm ak lansman yon kanpay koleksyon temwayaj ak achiv sou lavi ak zèv li.

Nan menm sans sa a, òganizatè yo pral lanse yon kanpay kolekt don pou mobilize resous nesesè pou konstwi mémorial la ansanm ak yon bist ki pral pote imaj Ti Manno.

Nan menm okazyon an, òganizatè yo prevwa prezantasyon Pri Donè Ti Manno, yon distenksyon ki pral remèt chak 13 me pou rekonèt kontribisyon yon atis ayisyen nan devlopman mizik nasyonal la.

Pandan menm aktivite sa a, Parc Mémorial MUDAIMH pral dekène, a tit pòstim, bay Ti Manno yon distenksyon onorifik kòm Gadyen Patrimwàn Mizik Ayisyen, ak grad espesyal “Gran Siprèm Istorik”, pou salye enpak ekstraòdinè li sou listwa mizik ayisyèn nan.
Yon veye ak bouji prevwa nan aswè nan espas kiltirèl Lovana, nan Quartier-Morin, kote patisipan yo pral kapab depoze flè, limen bouji, epi kite mesaj omaj an memwa atis la.

Pou anpil obsèvatè kiltirèl, inisyativ sa a kapab make yon etap enpòtan nan efò pou prezève memwa gwo figi mizik ayisyèn yo, pandan peyi a ap chèche ranfòse pwoteksyon patrimwàn atistik li.

Ti Manno rete, pou anpil fanatik ak analis mizik, youn nan vwa ki make listwa konpa dirèk ak mizik angaje ann Haiti. Eritaj li kontinye viv atravè zèv li yo, e jounen omaj sa a vle sèvi kòm yon pa enpòtan pou mete memwa li nan plas li merite nan listwa mizik ayisyèn nan.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!