*Yon revolisyon pakoti*!
Yon lidè pakoti pou yon revolisyon pakoti, yon revolisyon pèpè.
Boule lekòl
Boule lopital
Boule bobliyotèk
Boule depo manje enstitisyon apwi yo(ONG)
Boule kay malerèz ak malere
Fèmen lekòl pou anpeche Timoun aprann
Bloke tout wout prensipal yo pou fè moun pa sikile ak machandiz sitou manje pa antre Pòtoprens pou grangou kapab touye popilasyon an
Sabote Biwo Leta yo pou disparèt tout Achiv yon fason pou pa kite okenn tras dechèpiyay patwon yo fè.
Pèp Ayisyen anndan kon deyò, pifo nan nou k ap bat dlo pou fè bè, k ap niche pwent kreyon pou wè kouman n ap reyisi fen mwa, zak sa yo fini nèt ak peyi y’a, ak nou epi yo pa kite okenn fenèt alewè pòt pou jenès la pase.
Zak destriksyon bandi yo/gang sou woulèt Revolisyonè a se tonb nou yo fouye pou antere nou tou vivan.
Nou tande, nou wè e espere nou konprann nan kisa revolisyon sa ka lage nou. Katyouboumbe sa kapab kite dèyè dega Goudougoudou 12 janvye 2010 yo.
Yon revolisyon destriksyon
Yon revolisyon anti pwogrè paske nan eta Ayiti ye la, pi gwo responsablite tout lidè, tout dirijan, tout avangad se oryante popilasyon an nan aksyon yo epi fè tout posib pou pèmèt yo pwoteje patwimwann kiltirèl ak tout lòt resous peyi y’a.
Nou tout konnen detwi se sa k pi fasil men Konstwi li mande tan, refleksyon, konsepsyon ak mwayen lajan.
Nan kondisyon sa Revolisyon y ap ofri nou la se yon revolisyon pete fyèl, yon revolisyon k ap pèmèt flibistye yo ansanm ak kominote entènasyonal la kontinye piyafe sou nou, kontinye demounize nou paske se kounye y’a yo pral pran kontwòl total kapital tout sa nou genyen.
Èske Revolisyonè a kapab reponn kesyon sa yo pou nou, yon fason pou n kapab sezi epi konprann demach li y’a, sitou referans li se Dessalines, Castro, Mandela, Che Guevara, Lubumba, Sankara.
Èske lidè sa yo se wout sa yo te swiv pou rive nan bout sistèm nan?
Poukisa se malerez ak malere yo, Moun nan katye Popilè yo ki premye “cible” bandi yo?
Èske objektif revolisyon sa se pou mete nou toutouni piplis toujou?
Poukisa Fidel Castro te fèmen nan prizon?
Poukisa Nelson Mandela te pase 26 lane dèyè 4 miray nan peyi AfrikdiSid?
Pouki rezon Lula te fèmen nan prizon?
Kisa ki revolisyon pou li?
Nou pa bezwen repons nan men Revolisyonè a. Nou kwè li pa kapab bay repons vre. Li pa genyen okenn kalite moral pou mennen yon revolisyon. Tout moun nou site nan tèks la yo reponn ak yon seri kritè tankou: lidèchip, onètete, byenèt kolektif.
Lénine youn nan gran Revolisyonè 20èm syèk la, te toujou ap repete pawòl sa yo:”il faut toujours dire la vérité au peuple.”
Marcel Poinsard Mondésir
04/04/2024
Le tout au pluriel magazine [email protected] téléphone ☎️ 509 48438136.
NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel