-opinyon : Nou pè pale pawòl la/ Elit politik ak Elit ekonomik la an Ayiti pa ka kache salte yo ankò. Tout moun wè anba wòb yo. Peyi a santi kri, sèl dirijan pati politik yo ak boujwa yo kipa pran sant la.

Lib-opinyon :
Nou pè pale pawòl la/
Elit politik ak Elit ekonomik la an Ayiti pa ka kache salte yo ankò. Tout moun wè anba wòb yo. Peyi a santi kri, sèl dirijan pati politik yo ak boujwa yo kipa pran sant la.

Eske gen rezon pou manm KPT yo rete sou pouvwa sa toujou ?

Ki sa y ap regle ?

Pouki sa okenn pati politik pa di anyen ?

Eske soufrans pèp la pa fè ekò nan kè yo ?

Moun sa yo sanble pa gen kè pou pitye. Yo pedi nan mechanste yo. Sèl lajan ak pouvwa enterese yo.

Ki lonè ki gen nan sa, lè tout moun wè w lèd ? Ki estim yo gen lè yo tout yon pèp rayi w ak degoute w ?

Pouki yo pa demisyone? Pouki yo rete kwoke nan yon pòs san pouvwa ak responsabilite ?

Nou souvan bay blan pote chay la. 7 fwa 6 , tout moun wè chaj la byen lou sou do lidè pati politik yo an Ayiti.

Ekri pa :
Sèvitè Fanfan ÉTIENNE

Salle Rédaction de Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!