Lib-opinyon :
Nou pè pale pawòl la/
Elit politik ak Elit ekonomik la an Ayiti pa ka kache salte yo ankò. Tout moun wè anba wòb yo. Peyi a santi kri, sèl dirijan pati politik yo ak boujwa yo kipa pran sant la.
Eske gen rezon pou manm KPT yo rete sou pouvwa sa toujou ?
Ki sa y ap regle ?
Pouki sa okenn pati politik pa di anyen ?
Eske soufrans pèp la pa fè ekò nan kè yo ?
Moun sa yo sanble pa gen kè pou pitye. Yo pedi nan mechanste yo. Sèl lajan ak pouvwa enterese yo.
Ki lonè ki gen nan sa, lè tout moun wè w lèd ? Ki estim yo gen lè yo tout yon pèp rayi w ak degoute w ?
Pouki yo pa demisyone? Pouki yo rete kwoke nan yon pòs san pouvwa ak responsabilite ?
Nou souvan bay blan pote chay la. 7 fwa 6 , tout moun wè chaj la byen lou sou do lidè pati politik yo an Ayiti.
Ekri pa :
Sèvitè Fanfan ÉTIENNE
Salle Rédaction de Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel