Ayiti debou: Grenadye Alaso/ Ann ranfòse rezistans lan!

Ayiti debou:
Grenadye Alaso/Ann ranfòse rezistans lan!

Youn nan pi gro mwayen poun konbat gang sal, kriminèl san manman ak sapat kou kravat, isit kou lòt bò dlo, se reziste tankou Pèp Kanape Vè, Pako, Tijo, Debisy…

Pi bon jan pou nou fè rezistans lan, se sispann pataje mesaj gang, sispann pibliye trak sou kilè kriminèl sal yo pral atake zòn. Ann sikile mesaj sa yo nan baz rezistans yo, voye yo bay moun ki ka òganize rezistans lan.

Pi gro strateji gang sal yo, se destabilize popilasyon an sikolojikman pou fèl kouri kite zòn, kite kay yo. Gang sal, kriminèl san manman itilize kay vid yo pou okipe espas e kontinye progrese sou lòt zòn. Pi gro zam bandi sal, kriminèl san manman yo itilize kont nou, se laperèz. Yo fè nou pè poun kouri, pou yo jwenn kay vid.

Gang sal, kriminèl san manman yo gen mounn gro lespri kap travay pou yo sou strateji pou anvayi nou. Piblikasyon Videyo, odyo ak tout lòt fòm mesaj gang sal, kriminèl san manman, se propagann pou ede yo enstale laperèz kap Pèp la.

Rezistans lan, se pa kouri, se kanpe goumen ak tout kalite zam: ròch, baton, boutèy, kouto, manchèt, koulin, tout zam ki disponib. Fòk nou kanpe goumen ak gang sal, kriminèl San manman yo. Men fòk nou mache sou yo tou, fòk nou rive sou yo. Fòk nou bayo repons. Fòk nou rekomanse viv lakay nou, nan zòn nou, nan peyi nou!

Mo dòd la se: Grenadye Alaso, rezistans pi rèd!!

JJ Haïti 🇭🇹 !!!

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!