Aktyalite-Politik/Fòmasyon/SektèJèn: Yon jounen fòmasyon òganize sou plizyè tematik nan benefis plizyè jèn nan peyi Dayiti
Samdi 27 avril 2024 la òganizasyon sosyo politik « LAVI » òganize yon jounen fòmasyon pou plizyè dizèn jèn nan komin dèlma, fòmasyon sa a te rive fèt gras ak konkou zanmi ak senpatizan òganizasyon an pou jèn ki soti nan diferan katye nan zòn metwopolitèn nan, seri fòmasyon sa a te òganize tou nan lokalite fondènèg nan depatman sid peyi Dayiti.
Objektif fòmasyon sa a, se te lokazyon pou sansibilize jèn yo pou renmen peyi Dayiti, e fè yo konnen ‘Lavi » ak lespwa peyi a depann de yomenm sèlman.
Pou kòmanse, jèn yo demare yon bout lapriyè pou remèsye Bondye kreyatè a, tou swit apre yo te antre nan prezantasyon chak moun.
Aprè prezantasyon an, te gen yon sijè ki te lanse pou tanmen fòmasyon an: « Comment concevoir Lavi ? »
plizyè patisipan te eseye bay opinyon yo sou sijè sa a, men o final repons yo pa t twò diferan youn ak lòt, « Tout moun renmen Lavi ».
Pou konkli ak sijè a, nou te pran yon premye poz; aprè poz la, te gen yon entèvenan ki ta pral pale sou: « Les valeurs de la citoyenneté et devenir un citoyen responsable »; sijè sa a te anime ak yon entèvenan ki te manifeste anpil enterè, konpreyansyon ak satisfaksyon pou si la yo ki t ap swiv ak anpil atansyon jounen fòmasyon an.
Pou fini ak sijè sa a, nou te tou pran yon lòt poz; san pèdi tan aprè poz la, nou te vin gen 2 entèvenan ki ta pral entèveni sou: « Maîtrise des nouvelles technologies d’informations et de communication (CNTIC) » kote anpil koze te pale e patisipan yo temwaye satisfaksyon yo apre jounen fòmasyon sa a epi swete òganizasyon sosyo politik LAVI kontinye ak inisyativ sa a ki pa gen pri.
N ap note:
Pandan jounen fòmasyon an, te gen plizyè kad fondatè ak zanmi òganizasyon « Lavi » ki te pase vizite jèn yo, e tou pwofite salye fòmatè yo.
Se te: Bichotte Andréas Covialy, pou òganizasyon sosyo politik LAVI.
La Rédaction de Le Tout au Pluriel Magazine !
[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.
Le Tout au Pluriel Magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel