Ariel Henry, kisa w di?* Si nou mande m ki pi gwo leson mwen aprann, kisa m sezi epi konprann nan tout sa k pase nan peyi y’a pandan dènye jou sa yo pou rive nan 7/02/2024 la, m ap di nou:

*Ariel Henry, kisa w di?*

Si nou mande m ki pi gwo leson mwen aprann, kisa m sezi epi konprann nan tout sa k pase nan peyi y’a pandan dènye jou sa yo pou rive nan 7/02/2024 la, m ap di nou:

1.- Gang yo gen MÈT. E mèt yo se pouvwa/gouvènman.

2.- PNH la kapab kwape ensekirite y’a,
PNH kapab goumen tout bon kont bandi paske li gen taktik, li gen estrateji. Li konnen kouman pou l deplòtonnen l sou teren an. Sèlman fòk otorite yo/gouvènman pou nou pa di CSPN nan dakò, vle epi deside sa.
Nou tout konstate ak 2nawèl nou kouman PNH la dedouble l pou l MATE manifestasyon yo tout kote nan menm moman. Rezon an se paske pouvwa/otorite yo pran mwayen pou sa.

Poukisa pouvwa/otorite yo pa janm anime ak menm detèminasyon sa pou yo fè PNH la ranpli misyon prensipal li a, “mission cardinale” li a ki se: “pwoteje ak sèvi” popilasyon an ki peye l ak lajan taks li, lajan ki se Swè ak Sang 🩸 pèp la.
Maxime qui dit:” vouloir c’est pouvoir” la yon fwa andiplis pouvwa manfouben, pouvwa ensousyan Ariel Henry a pwouve nou menm pèp Ayisyen, se yon verite Lapalissade li ye.

Sa k grav nan tout sa, se mouche Ariel Henry ki tounen ak yon bouyon rechofe nan figi nou ak mesaj li voye nan aswè 7 fevriye a.
Yon mesaj nou ka kapab ranmase konsa:
– Mwen pap fè wonn pòt
– ⁠Sa nou pa vle wè a, se li n ap wè.
– ⁠chèf mwen te deja pale ak nou. Nou sonje chèf mwen te di: “pap gen Tranzisyon, nan Tranzisyon. Konsa se nan eleksyon pou n ale,si nou vle dirije peyi a.”
– ⁠Frè m ak Sè m yo se tèt ansanm pou nou tout fè pou sove Ayiti.

Èske premye minis Ariel Henry ak ekip li yo kapab chanje/evolye?
Èske tout bon vre mesyedam yo wè Ayiti ansanm ak tout pitit li yo nan gwo liv yo a?
Èske ekip manfouben tire leson sou konpòtman tout sila yo ki te pouvwa anvan l epi te genyen menm ajisman grenn plen sa, menm ògèy sa?

Poukisa nou di sa yo?

Rezon an, se paske, nou pa ni santi, ni wè okenn mea culpa/sèmafot, okenn pawòl pou fè konprann kounye a se pou tout bon se Ayiti ak Ayisyen pouvwa ap mete devan.
Misye pa kite yon ti fenèt pou ba nou enpresyon se yon lòt kouran k ap rive sou nou.

Se yon kopye kole, Yon remix Ariel Henry ak akolit li yo ba nou. Dayè, sèten nan moun ki anfas li yo ba l gwo bourad pou l aji konsa.

Pa kite nou benyen nan larivyè dekourajman ak pèdi konfyans nan tèt nou. Se moman pito pou nou tonbe dakò tout bon vre sou pawòl sa yo: se sèl pèp ki kapab delivre tèt li. E se nan chemen sa pou nou mache.

Marcel Poinsard Mondésir
08/02/2024
Jou I pou vrè batay la!

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!