Assassinat du Président Jovenel Moïse :
Le Mouvement Point Final analyse l’audition de l’ex Président Martelly dans l’ordonnance du juge Walter Wesser Voltaire et déduit que Michel Martelly est l’auteur intellectuel de l’assassinat du Président Jovenel Moïse.
Michel Martelly ( MM) :
» De fason presiz mwen pat gen enfòmasyon sou sa kite nan zòn kay Prezidan Jovenel Moïse. Tout fwa, mwen kab pataje sa ke mwen aprann ki ta pase nan zòn kay Prezidan an.
Mwen rive lakay mwen vè Minwi 20, nwit sa, Miami, mwen resevwa yon apèl de yon zanmi ki abite Pèlerin 5, zanmi an tap eseye esplike m sa kap pase, paske li menm tou li pat kab deplase pou l konnen sa ki te genyen, li rapòte m depi plis pase 1èd tan edmi genyen tire nan zòn kay Prezidan, mwen santi panik e afòlman nan vwa li, mwen kouri rakwoche pou li ale pran plis enfòmasyon.
Premye kout fil mwen fè, mwen rele Laurent Lamothe ki se te gran konseye Prezidan, li fè m konnen li pat okouran de anyen.
Li ap fè plizyè apèl, li ta pral rele chèf Polis kite la a, pandan lap fè apèl sa a, mwen deside rele chèf sekirite Prezidan an kise Dimitri Hérard, mwen poze l kesyon de sa ki ap pase kay Prezidan, li reponn mwen, li lakay li, Péguy Ville, li genyen yon pwoblèm lojistik, li poko kab deplase.
Mwen ensiste pou l fè sa l konnen pou l monte kay Prezidan an, li di m chofè li preske rive, nan yon entèval 5 ak 10 minit pita mwen rele Kòmandan Dimitri ankò, li di m chofè a amba mòn lan lap rive talè.
Antretan, Lamothe jwenn chèf Polis la, ki esplike l li nan zòn Pèlerin 1, Pèlerin 2, bagay yo difisil, ta sanble se DEA fòs etranje ki tap entèvni.
Mwen raple Kòmandan USGPN nan, ki esplike m li fèk rive bò kote chèf Polis la, sitiyasyon an difisil pou reprann mo li. » Pa gen monte, pagen desann, nèg yo pran kontwòl zòn nan, ta sanble nèg yo ta genyen grenad a fragmantasyon ».
Apresa, Lamothe vini Lakay Mwen, ansyen Minis Ronsard Saint-Cyr ak ansyen Prezidan chanm depite a Gary Bodeau rele m lap vini lakay mwen.
Apèl mwen jwenn ki soti Ayiti 45 minit apre konsa, Kòmandan USGPN nan rele m pou l di m : » Prezidan Mouri », li sou plas.
Petèt mwen resevwa lòt apèl ki tap espekile, ki pat konnen anyen. Petèt 1 èd tan apre pwochen apèl mwen jwenn ki soti Ayiti, se Kòmandan USGPN ki te rele m, pou l di m li kenbe konbyen yo zòn dèyè kazèn Petyon Vil lan. Li tap eseye jwenn konkou lapolis la. Mwen reponn li, fè travay ou.
Epi Lamothe vini rive lakay mwen, Ronsard Saint-Cyr ak ansyen Prezidan chanm depite a, Gary Bodeau, tout moun sa yo te Miami, yo debake lakay mwen.
Mwen abite nan yon apatman 2 pyès, mwen desann, mwen resevwa tout moun yo.
Pandan map diskite avèk yo, mwen resevwa yon apèl Ayiti de Premye Minis ki te la, Claude Joseph, li di m » Tout bagay sou kontwòl nan peyi a ». Mwen rakwoche, mesye yo ale lakay yo, apre lè nou finn pale. Mwen te genyen yon sèl mal gòj ki te pran m, mwen fè 2 semenn mwen pa pale ak pèsonn, mwen rantre tèt mwen nan izòlman.
Les analyses du Mouvement Point Final :
1) MM ( Michel Martelly) di li pat gen enfòmasyon, se yon apèl de yon zanmi ki abite nan zòn kay Prezidan. Ki di l depi plis pase 1èd tan edmi gen tire nan zòn kay Prezidan.
MFP : Où sont les gens de sécurité de la résidence du Président ?
2) MM : Panik e afòlman nan vwa Prezidan.
MPF : Si la voix du Président Jovenel Moïse résonne dans le voisinage, tandis que, les agents de sécurité n’ont pas entendu où n’ont rien fait pour voler au secours du Président Jovenel. C’est gravissime.
Qui contrôle les caméras de surveillance de la résidence du Président ?
3) MM : Premye kout fil
– Laurent Lamothe
MPF : Pourquoi c’est Laurent Lamothe qu’il a appelé en premier ?
Ensuite, il a appelé le chef de l’USGPN, Dimitri Hérard qui n’était pas disponible et qui avait un problème logistique, mais par la suite se rendait sur les lieux. C’est pour vous dire que l’équipe du PHTK n’a pas pris au sérieux le Président Jovenel Moïse.
4) MM : Lamothe rele chèf Polis la.
Léon Charles a répondu que les choses sont très difficiles.
MPF : Mais, pourquoi c’est Laurent Lamothe qui tenait à appeler le DG de la PNH ?
5) MM : Mwen retounen rele chèf USGPN nan, ki di l fwa sa a li bò kote chèf Polis la, e li di sitiyasyon an difisil ampli :
» Pagen monte, pa gen desann »
MPF : Pourquoi Mr Dimitri Hérard utilise le mot nègre ?
Est ce culturellement ou par ignorance ?
6) MM : Lamothe vini Lakay Mwen nan nwit la.
MPF : Comment se fait-il, ces deux hommes sont-ils en même temps à Miami le soir de l’assassinat du Président Jovenel Moïse ?
7) MM : 45 minit apre, se Kòmandan USGPN nan ki rele m pou l di m : » Prezidan Mouri »
MPF : Comment le chef de l’USGPN peut aussi à l’aise pour assurer à Michel Martelly que le Président Jovenel est mort, sans un rapport d’un juge de paix ?
Ou est-ce qu’il avait avec lui un spécialiste en la matière ?
8) MM : 1 èd tan apre, pwochen apèl mwen jwenn ki soti Ayiti, se Kòmandan USGPN nan ki rele m pou l di m li kenbe Kolonbyen yo, zòn dèyè kazèn Petyon Vil lan.
MPF : Comment le Chef de l’USGPN a pu déjà identifier que les assassins de Jovenel Moïse sont des colombiens ?
9) MM : m reponn Kòmandan » Fè travay ou ».
MPF : Comment se fait-il, l’anonce des colombiens dans l’assassinat du Président Jovenel Moïse n’a pas intrigué Michel Martelly ?
Est-ce parce que Michel Martelly était déjà au courant de la présence des colombiens sur le terrain ?
Oubien, la présence des colombiens en Haïti est un fait normal, parce que le régime PHTK avait l’habitude de traiter avec eux pour des faits pareils?
Cette question nous intéresse sérieusement dans le cadre des enquêtes sur d’autres crimes qui ont été commis durant tout le règne du PHTK au pouvoir.
10) MM : Epi Lamothe vini Lakay Mwen, Ronsard Saint-Cyr ak ansyen Prezidan chanm depite a, Gary Bodeau. Tout moun sa yo te Miami, yo debake lakay mwen.
MPF : Pourquoi ce jour-là, tous ces gens là de l’équipe du PHTK se retrouvaient à Miami ?
Pourquoi c’est à Miami, la zone de la Compagnie CTU qui a eu le contrat ? Est-ce par coïncidence ?
C’est bizarre.
MM : Pandan map diskite avèk yo, mwen resevwa yon apèl ki soti Ayiti de Premye Minis ki te la, Claude Joseph.
Li di m : » Tout bagay sou kontwòl nan Peyi a ».
MPF : Tout est sur contrôle, celà veut dire quoi ?
Est-ce que cela veut dire le plan ou le coup est exécuté formellement comme c’était prévu ?
En conclusion, pour nous autres au sein du Mouvement Point Final, Michel Martelly et son équipe sont les auteurs intellectuels de l’assassinat du Président Jovenel Moïse.
On doit les arrêter et les juger tous.
Ulysse Jean Chenet
Coordonnateur général du Mouvement Point Final.
TOUS DROITS RÉSERVÉS [email protected]
téléphone ☎️ 509 48438136.
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel