*Ayisyen kote nou gad apre Akò, Akwòkò, Dezakò yo bwè lwil!*
Ayiti yon peyi k ap dirije ak yon bann odasye, yon bann koken, yon bann ti visye, yon bann enkapab, yon bann san konsyans, yon bann san koutya, yon bann peny tidan, yon bann salòp.
Gad eta peyi y’a nan peryòd fèt fen ane y’a. Tout peyi y’a ap koule anba fatra. Tout peyi y’a ap naje nan salte. Tout peyi y’a pa kapab respire.
Se premye fwa Ayiti ap viv yon moman fèt nan kondisyon kote salte ak mikwòb pote premye pri. Ki moun ki rekonèt yo nan yon seri vil tankou: Pòtoprens, Okap, Senmak, Okay, Jeremi, Pòdpè, Anzdeno, Kwadèboukè, Leyogan, Kanperen, Dammari, Kafou?
Ariel Henry ak tout ensousyan/enkonsyan parèy li yo fè Ayiti tounen yon gwo Pak Kochon. Kolera ansanm ak tout yon lòt bann maladi atrapan ap taye banda: grip, dyare, gratèl… tout sa paske pa gen okenn netwayaj okenn assainissement kanal. Sa k ta di sa pou Rosemond Pradel mete l ansanm ak Madanm Edmonde le Supplice Beauzile pou dechèpiye tout lajan ministè Travo Piblik la. Manman penbèch la ak Granmoun Kannay la fin piye tout enstitisyon ki anba kontwòl Travo piblik.
Pou MSPP menm se pa pale. Dr Larsen ap bwè tafya, ap gagote lajan Leta pandan menm gan lopital yo pa genyen alewè pou ekipman ak materyèl pou fè operasyon ak lòt tretman. Misyon Larsen se kite malad yo mouri. Sa rele Iresponsab.
Ekip Ariel Henry, André Michel/SDP, Edmonde le Supplice Beauzile, Rosemond Pradel/Fusion, Sorel Jacinthe, Tolbert Alexis, Pascal Adrien, Jorchemy Jean-Baptiste, Abel Descollines, Madanm Mirlande Hypocrite Manigat ak rès valpa parèy yo defalke peyi y’a, yo kreve Ayiti jouk okenn Jinekològ pa fouti fè okenn reparasyon. Se pou di nou kouman sitiyasyon grav pi mal pase aksangrav.
Apre 2 Akò Akwòkò, Dezakò men kounye y’a Ariel Henry, sankoutya parèy li yo ansanm ak mèt li kominote entènasyonal la, blan meriken alatèt yo tout dan griyen, yo tout mazora ap gade pèp Ayisyen nan je.
Odasye yo, ansanm ak tisousou kap ranmase zo anba bouch yo gen tan ap vire lang yo pou fè konnen Akò, Akwòkò, Dezakò 21 desanm 2022 yo a ki se yon kadav gate, yon kadav k ap dekonpoze se li menm ansanm ak mèt yo blan Meriken ki ba yo dwa pou mache sou nou, pou toufounen nou. E se ak li menm yo pral Kontinye egzèse pouvwa a. Abel Descollines/patekwè gentan ap vire lang li pou fè konnen PM nan pa responsab Akò a bwè lwil, se pito entranzijans opozisyon an. Nou konprann nivo odas, nivo magouy ekip sa.
Kounye y’a ekip san koutya, ekip peny tidan, ekip rad sal Ariel Henry y’a pral ogmante volim ensekirite y’a, pral kontinye lage “chiens de garde” li yo bandi ak sapat li yo pou vyole, vole, kidnape epi touye nou pou laperèz la fòse nou kite peyi y’a piplis toujou.
Anplis lavichè, anplis lajan ki monte bwa, anplis peyi y’a ki sal pi mal pase peny tidan anplis kolera ak tout lòt maladi atrapan k ap fini ak popilasyon an pou Nwèl la ak fen ane y’a kado ekip Ariel Henry ak sankoutyal yo pote pou nou se ogmantasyon kidnaping lan, vyòl yo, se kouri kite kay nou paske ekip bandi ak sapat li yo mande dechennen nan yon seri zòn takou Gantye.
Nou konstate Ariel Henry, André ak Marjorie Michel/SDP, Rosemond Pradel, Edmonde le Supplice Beauzile/Fusion, Sorel Jacinthe/caméléon/ kriminèl, Jorchemy Jean-Baptiste,Pascal Adrien/patekwè, Madanm Mirlande Hypocrite Manigat, Abel Descollines/patespere, ak tout lòt k ap ranmase zo yo, ansanm ak kominote entènasyonal la sitou tonton Sam, yo fè tout posib yo pou 2023 pou yo ta fini nèt ak nou, pou yo ta wete nou sou katmond lan, yo pa reyisi. Nou pliye, nou tòdye, men nou pa antòtye.
Se vre, nou bite. Se vre, nou trennen anpil. Se vre, nou vale anpil pousyè. Men n ap di Ariel Henry ak tout mèt li tonton Sam 2024 pap 2023. Yo tout mèt rete tann nou nan kafou rezistans lan ki se kafou lavi y’a. Nou menm Ayisyen nou vle lavi, nou dispoze viv. Konsa 2024 la pral Ane LaVi pou nou.
Tout dechè Ariel Henry ak parèy li yo n ap jete yo nan 2024. E n ap fè fason pou Ayiti pa janm genyen dechè sa yo ankò.
Kreyòl la se lang nou li ye. Nou dwe aksepte l. Pawòl yo, se sa yo ye vre. Se pa ni mal eleve, ni manke elegans. Koze yo se sa yo ye. Se yon ekip peny tidan k ap dirije nou. Nou pa wè jan yo lèd. Yo lèd ni anndan, ni deyò.
Marcel Poinsard Mondésir
22/12/2023
Yon jou aprè lantèman Akò, Akwòkò, Dezakò 21 desanm 2022 Ekip malfektè Ariel Henry yo.
TOUS DROITS RÉSERVÉS
[email protected]
téléphone 50948438136.
LE TOUT AU PLURIEL
MAGAZINE NOUS VOS YEUX ET
VOS OREILLES.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel