Ayisyen, kouman nou ye? Sa nou di? Kisa n ap fè? Kiyès n ap tann? Nou wè tout koulèv( politisyen ranpan, Òganizasyon popilè bòkyè, sosyete sivil restavèk, pèsonalite pakoti…) ap soti nan twou bwa yo te kache.

Ayisyen, kouman nou ye?

Sa nou di?
Kisa n ap fè?
Kiyès n ap tann?
Nou wè tout koulèv( politisyen ranpan, Òganizasyon popilè bòkyè, sosyete sivil restavèk, pèsonalite pakoti…) ap soti nan twou bwa yo te kache.

Konsa y ap pare pou mache sou nou pou simen venin lanmò yo. Tout katèl sa yo se premye responsab tout malè nou konnen yo.
Gwo franse ap pale, gwo devlopman sou kouman pou Ayiti soti nan kriz la ap fèt. Nou tout konnen *se krèk tibèt*!
Sa k di yo nan Mar-a-lago, sak di yo nan OEA, epi genyen ki anndan Nasyonzini. Yo youn pa konnen kisa y ap regle kote yo di nou yo ye a. Senpman y ap toufounen n ak manti, pou fè kè nou kase epi 7 fevriye n ap leve menm jan nou te dòmi.
Rezon fondalnatal la se paske moun onèt yo, moun vètikal yo, moun k ap pote Ayiti yo tout bon vre yo, moun ki konnen se pa ni fè jenoufleksyon, ni bay manti yo yo kite teren an pou sila yo nou wè k ap fè gwo gòj yo.

MPM
20/01/2026.

Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!