Ayiti Ariel Henry, yon premye minis-prezidan ki di li vle lapè.

Ayiti
Ariel Henry, yon premye minis-prezidan ki di li vle lapè.

An n gade si se vre.

Ou di ou vle lapè
Epoutan se laperèz k ap vale teren.

Ou di ou vle lapè
E poutan Mariani vin pi mal pase Matisan

Ou di ou vle lapè
E poutan egzekisyon ap fèt sou inosan

Ou di ou vle lapè
E poutan se kounye y’a bandi ap egzibe manch long yo sou moun san anyen pa rive yo.

Ou di ou vle lapè
E poutan se kounye y’a pa gen okenn kote sou tèritwa moun kapab sikile san kè sote.

Ou di ou vle lapè
E poutan ou pa fouti al selebre okenn Fèt nasyonal nan vil referans yo(Okap, Gonayiv, Machan Desalin, Akayè…).

Ou di ou vle lapè
E poutan anpil moun (tout kouch sosyal, tout laj, tout koulè…) blije kite peyi y’a san yo pa konnen kote yo prale, sa yo pral jwenn, Kouman yo pral viv paske yo sansenk.

Ou di ou vle lapè
E poutan kè pifò Ayisyen sou biskèt, yo pa konnen kilè l ap rete.

Ou di ou vle lapè
E poutan se ti dife boule ekip ou a ap fè. Sitou lè y ap klewonnen ou pap fè yon pa kita, yon pa nago.
Ou di ou vle lapè
E poutan ou pa kolabore ditou
Pou jistis kapab blayi nan dosye sasinay patwon w akòz atitid mawonaj ak konpòtman detounen lespri moun ou genyen nan jwèt chen ak chat Jij la ap jwe ak ou.

Ou di ou vle lapè
E poutan chaf fwa w louvri bouch ou se manti w ap bay lè wap riminen menm pawòl ou yo depi jiyè 2021 rive premye janvye 2024.

Ki pawòl yo ye konsa:
Sekirite
Gouvènman enklizif
Bòn gouvènans
Lit kont koripsyon
Akò lajman laj
Jistis
Eleksyon

Ou se yon premye minis-prezidan pi bon fason pou moun rekonèt ou se nan:
Pa respekte pawól ou. Egzanp: Matisan 30 mwa depi w ap pran dispozisyon pou moun sikile san kè sote ladan l.

Ou se yon premye minis-prezidan kote pwen fò w se pase chifon sou sa w siyen/reye siyati w. Egzanp Akò 22 desanm 2022. Ou pral fè Gouvènman douvèti.
W ap remèt pouvwa 7 fevriye 2024 bay yon prezidan ki pase nan eleksyon/prezidan eli.

Par :
Marcel Poinsard Mondésir
05 janvye 2024.-

TOUS DROITS RÉSERVÉ
[email protected]
téléphone 50948438136.
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE
NOUS VOS YEUX ET VOS OREILLES.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!