Ayiti: elit pakoti
Ayiti yon peyi elit li yo chwazi fèmen, chwazi anfonse popilasyon an nan twou chak jou piplis.
Ayiti yon peyi elit yo toujou « dans le déni » kont pèp la. Elit yo òganize yo pou pèp la toujou ap trimen paske se nan kondisyon Mizè, Iyorans, Malsite pèp la pou yo konsève awogans ak Apach yo.
Ayiti yon peyi elit li yo dakò demantibile tout aparèy pwodiksyon l soti nan resous moun pase nan resous materyèl ak enfrastikti rive nan sa l genyen anba tè.
Ayiti yon peyi elit yo fè konnen kon klè woz pi bon mwayen pou yo konte Dola se mare sosis yo ak la mafya, tout kalte mafya paske konsa lajan ap vide sou yo tankou grenn lapli.
Ayiti, elit pakoti ki ba nou yon peyi pèpè.
MPM
12/09/2025
Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel