Ayiti Ensekirite:
Alèt/Malfwa Yo Pa Chome non Moun Leyogan ap Mande Sekou.
Sosyete Sivil leogane (SCLAE) deja enfome responsab yo nan leogane sou sitiyasyon kap devlope nan senj jodia 11 más 2025 la kote bandi monte barikad yo sou wout nasyonal # 2 ya.
SCLAEmande pou responsab yo ají prese prese pou destabilize plan bandi yo. Nap konsesye yo pou yo pa monte mal sou barikad la ki gen yon bonbòn gaz ki enstale sou li.
SCLAE ap raple ak fòs lod yo tout zòn bandi okipe yo pyeje , nap mande yo pou yo ají ak pridans e pwofesyonalis. Prezans polisye ki spesyalize nan deminaj enpotan anpil nan kad batay kont teworis yo San konte lòt materyèl responsab yo ap tann.
Mèsi!!!!
Pa
Garry ALLIANCE, ING.AGR
Kòdonaté Adjwen, Pòt pawòl SCLAE
Le tout au pluriel magazine
Nou Se zye Ak zòrèy ou.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel