Ayiti-Ensekirite/Banditis: 3 Endividi vale akdesans yo nan echanj kout bal ak Komisè Muscadin nan depatman sid peyi a
Nan yon gwo operasyon depi Nan lannwit sis (6) pou louvri maten Madi sèt (7) Janvye 2025 lan nan pwospè sou komin “Ducis” nan depatman sid peyia kote chèf gang bakop bossal la, Jean Gardy Esterve alyas “Boudon” ak tout yon akolit li kise Milie Alyas “pa Nan rans” ki tonbe Nan echanj kout bal ak chef pakè Miragwàn nan Jean Ernst Muscadin.
Seri operasyon yo t ap kontinye nan zòn Kwamati, genyen yon lòt manm gang bakòp bosal la, Casir Joseph Alyas “Juge de paix” ki tonbe tou anba woulo Muscadin an.
Selon Komisè Muscadin, endivi sa yo komèt tout kalte zak nan depatman sid la tankou; Brakaj, Vyòl, vòl nan komin Ducis, Chantal, Kanperen elatriye.
N ap raple w, soti premye pou rive jodi sèt Janvye 2025 lan, nan Gransid la pou pi piti 5 Bandi deja tonbe anba kout bal Komisè Gouvènman Miragwàn nan Jean Ernst Muscadin ki plis detèmine ane sa pou frennen gran banditis la sou tout rejyon an.
Redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin !
[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.
Le Tout au Pluriel Magazin nou se je w ak zòrèy ou yo.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel