AYITI-ENSEKIRITE: FÒS REFLEKSYON AK AKSYON SOU KOZE KAY AK ALIMANTASYON (FRAKKA) mete yon nòt deyò nan dat 6 mas 2025 lan sou depòtasyon fòse USA, Sendomeng ak Ensekirite a
FRAKKA konstate pwojè ekspilsyon kandida Donald Trump te anonse nan kanpay li a, apre enstalasyon li kòm prezidan nan dat ki te 20 janvye 2025 lan li rive mete l an aplikasyon san respè nòm, konvansyon, akò ak trete nasyonal kou entènasyonal ki regle estati migran yo, kote l ap voye tounen migran diferan peyi pami yo ayisyen ki kite peyi a akoz lamizè ak ensekirite. N ap raple USA se youn nan peyi ki di li se zanmi Ayiti, tandiske zanmi sila pa sansib pou mizè tout kalte pèp ayisyen ap sibi okontrè li se youn nan sous k ap alimante mizè a.
Lè sepa Sendomeng se Etazini k ap depòte konpatriyòt ayisyen yo.
Yon peyi kote gen plis pase yon milyon moun gang teyoris fòse kite lakay yo, sa ki pral konplike pi plis sitiyasyon popilasyon an kote divès katye nan depatman Lwès ak Latibonit anba aso gang yo. Yon lòt kote bandi anvayi divès lokalite nan kenskòf pandan semenn pase yo , yo masakre popilasyon an epi voye yon ti bebe tou vivan nan flanm dife, malgre anpil alèt kite lanse sou kenskòf otorite nan leta yo pat pran pyès dispozisyon pou popilasyon an pat viktim, n ap raple depi lè bandi viv ansanm yo bloke tout antre kapital la se kenskòf ki responsab vant moun pòtoprens nan zafè lamanjay.
Nan machwè leta teworis yo masakre moun nan Taba epi anvayi Dèlma 30, Dèlma 19 elatriye, pou fòse popilasyon an abandone lakay yo pou ogmante kantite moun k ap viv nan Kan yo, yon ekip kay ki pat konstwi pou sa , non sèlman moun yo ekspoze ak risk sanitè yo men tou gen posibilite pou yo mouri pa pakèt paske kay ki sèvi kòm Kan yo pat konstwi pou resevwa kantite moun sa yo, kidonk traka nou anpil.
Akote pwoblèm ensekirite a ak deplasman fòse a gen yon pwoblèm grangou k ap toupizi popilasyon an ak yon mankman divès pwodwi premye nesesite, dènye rapò CNSA te pale de mwatye popilasyon an ki nan grangou swa 5.500.000 moun, pagen anyen ki fèt pou diminye kantite moun ki nan grangou yo, yon lòt kote administrasyon Trump lan kanpe pwogram èd entènasyonal yo nan divès peyi pami yo Ayiti menm si pwogram sa kenbe nou nan asistana sa pral genyen gwo konsekans sou Ayiti.
Nan sans sa Fòs refleksyon ak aksyon sou koze kay ak alimantasyon ( FRAKKA) pwopoze:
1- Pou KPT a ak gouvènnman an mete plizyè selil de Kriz nan nivo diferan anbasad Ayiti ki etazini pou diskite pi bon fason otorite USA ap depòte migran ayisyen yo pandan yo ap respekte dinyite moun yo.
2- Pou KPT a pran tout dispozisyon pou retabli sekirite nan peyi a epi debloke gran aks yo pou pèmèt antre soti fèt nan kapital la.
N ap raple Lesly Voltaire te di avan li ale l ap debloke youn nan gran aks yo, sa ki pa rive fèt pandan tout pasaj li kòm kòdonatè KPT a okontrè plis teritwa pèdi.
3- Bay agrikilti lokal la jarèt pandan n ap ranfòse kapasite pwodiksyon peyizan yo nan ba yo mwayen lajan ak materyèl pou travay latè.
4- Itilize lajan kanaval la ak lajan referandòm nan pou bay lapolis la mwayen pou li bay sekirite nan peyi a.
Pou FRAKKA: Danoel TINA, Kòdonatè Jeneral.
Jimmy MICHEL, Sekretè Jeneral.
Kenly D. PIERRE, Trezorye Jeneral.
Redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin !
[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 6344.
Le Tput au Pluriel Magazin nou se je w ak zòrèy ou yo.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel