Ayiti-Ensekirite/Relijyon/Reyaksyon: Kout rèl Legliz Katolik sou sitiyasyon peyi a pou mande lapè ak linite nan mitan nasyon an
« Jodi a, si w tande vwa Granmèt la k ap pale avè w, pa fèmen kè w. » (Ebre 3, vèsè 15).
Pou tout frè ak sè nou yo, ak tout moun ki gen bòn volonte, nou menm Evèk Katolik peyi Ayiti yo, nou santi nou twouble anpil fas ak sitiyasyon politik epi pwoblèm sekirite grav k ap ravaje peyi a, espesyalman ogmantasyon vyolans nan plizyè kote nan Kapital la ak zòn ki anviwonnen l yo.
Yon lòt fwa ankò, n ap leve vwa nou pou mande lapè ak linite nan mitan nasyon an.
Misyon pwofetik nou kòm Evèk mande nou denonse zak vyolans sa yo k ap detwi peyi a epi k ap simen soufrans san rete.
Zak sa yo lakoz anpil inosan mouri, anpil moun oblije deplase kite lakay yo.
Yo koze gwo enkyetid lakay tout moun.
Nan jou fènwa sa yo, anpil frè ak sè nou ap viv anba gwo laperèz, yo pèdi dwa fondamantal yo, tankou dwa pou jwenn sekirite, dwa pou viv, ak libète pou deplase.
Menm avyon pa epanye. Ayewopò Tousen Louvèti fèmen e sa izole nou de tout lòt peyi.
Kapital la bloke, lekòl fèmen, tout aktivite paralize.
Pa gen lavi tout bon vre nan peyi a.
Pa gen moun ki kapab aksepte yon sitiyasyon konsa.
Bagay sa yo se rezilta zak ki kont plan Bondye ak diyite moun.
Sitiyasyon sa agrave mizè pèp la ki deja ap soufri anba gwo pwoblèm ekonomik ak sosyal.
Nou pa ka rete endiferan devan trajedi sa a.
Vyolans pa ka pote ni solisyon ni delivrans pou moun.
Nou pa ka espere jwenn lapè nan simen vyolans.
Lapè se yon kado Bondye, men li mande jefò tout moun ki gen bòn volonte pou
bati yon sosyete jan Bondye vle l la (cf. Entwodiksyon Compendium Doktrin sosyal Legliz la).
Nou ankouraje moun ki gen reskonsablite pou gouvènen peyi a pou yo aji avèk detèminasyon pou retabli sekirite epi pwoteje sitwayen yo, jan misyon prensipal yo mande sa: sa vle di sèvi byen tout moun (cf. Gaudium et Spes, 74 § 4).
Sa mande retablisman otorite Leta, men an menm tan rekonsilyasyon nasyon an avèk tèt li.
Nou envite tout moun alawonnbadè, sila yo k ap gouvènen peyi a, moun nan sosyete sivil la, ak tout aktè ki gen reskonsablite nan kriz sa a, kit yo gen zam nan men yo, kit yo pa gen zam nan men yo, pou rekonèt sitiyasyon sa pa dwe rete konsa.
Li enpòtan pou nou jwenn pi bon manyè pou gouvènen peyi a epi rezoud pwoblèm vyolans san rete sa.
Avni pèp la an danje.
Fòk gen kichòy ki fèt.
Nan non Bondye ki vle lavi pou tout pitit li yo, nan non respè pou lavi ak pou diyite moun, nou mande pou respekte lavi moun epi, san pèdi tan, konsanti vrè sakrifis sa mande pou jwenn solisyon ak kriz sa a.
Chak Ayisyen dwe travay pou lapè, epi voye jete tout santiman rayisans, vanjans, ak divizyon.
Nou ankouraje fidèl kretyen yo pou yo pa kite dezespwa gen rezon sou yo.
Lafwa nan Bondye dwe enspire nou travay ansanm pou konstwi yon avni kote k gen jistis, kote yo respekte epi pwoteje lavi tout moun.
N ap prezante senpati nou bay tout fanmi k ap kriye paske yo pèdi yon moun nan evènman sa yo.
Ansanm ak tout pèp Bondye a, n ap lapriyè pou retablisman moun ki lopital yo, pou Bondye bay sila yo ki nan lari oubyen ki pran refij kay yon bon pwochen, anpil kouraj. N ap swete kouraj ak tout pèp la k ap soufri nan kò li ak nan lespri l.
Se pou nou kenbe Lesperans nou fèm nan Bondye, lapriyè san rete epi rete solidè youn ak lòt.
Se pou Bondye ba nou lagras, se pou l beni nou !
Se pou li pwoteje Ayiti nou tout renmen an !
Nòt sa pibliye nan Pòtoprens, Syèj Konferans Evèk Katolik peyi Ayiti yo, jou ki 15 novanm 2024 la, nan jou memwa Sen Albert le Grand, evèk, doktè Legliz la.
Redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin !
[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.
Le Tout au Pluriel Magazin nou se je w ak zòrèy ou yo.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel