Ayiti-Jistis/Kontestasyon: Gwo leve kanpe nan pakè pòtoprens apre nominasyon epi enstalasyon nouvo Komisè Gouvennman pòtoprens lan, lavi avoka yo menase

Ayiti-Jistis/Kontestasyon: Gwo leve kanpe nan pakè pòtoprens apre nominasyon epi enstalasyon nouvo Komisè Gouvennman pòtoprens lan, lavi avoka yo menase

Jodi mèkredi 17 septanm lan tout avoka nan jiridiksyon pòtoprens lan kontinye leve kanpe kont minis jistis la ki revoke ansyen komisè Roosevelt Cadet akoz li ta mande pou komisè a te libere plizyè gwo chabrak ki nan prizon pou dwòg ak koripsyon, komisè a pat deside antre nan lojik lage moun kap kraze peyi a ki nan prizon.

Mèt Marion Ernest ki se yonn pami avoka k ap batay kont ansyen komisè Frantz Monclair pou koripsyon ak vòl pa t mete dlo nan bouch li pou l pale avèk nèg k ap kraze jistis peyi a, avangadis la sèmante li prè pou l mouri pou peyi a li pap dakò nèg yo kraze sistèm jistis peyi a konsa.

N ap anonse avèk pèp la jodi mèkredi 17 septanm lan, minis jistis la voye plizyè nèg ak zam al touye avoka yo nan pakè a, sa prouve aklè kòman nèg yo mechan, kou sa pap pase fòk lajistis kapab triyonfe nan peyi a, afè depi yon ti nèg nwè ta vle travay pou avansman peyi a nou pa dakò a se fini; peyi a dwe chanje sou tout fòm.

Alagè kòm alagè batay sa se pou pèp la Mèt Marion Ernest ak tout lòt avoka yo ap fè l, nou mande tout popilasyon an reveye nou, peyi a pa pou nèg sa yo sèlman, fòk malere malerèz kapab jwenn moso lajistis nan peyi a.

Se sèl ayiti pou jwenn vòlè ap dirije; Mèt Jean fritz Patterson Dorval tout moun konnen se pa yon nèg ki onèt li ye, avoka yo fè konnen yo pap travay avèk nèg ki gen dosye lajistis sou do l.

Ekri pa: Carlos Pierre, Jounalis

Le Tput au Pluriel Magazin nou se je w ak zòrèy ou yo.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!