Ayiti-Koripsyon/Denonsiyasyon: Yo pap kite dwèt long siperyè !

Ayiti-Koripsyon/Denonsiyasyon: Yo pap kite dwèt long siperyè !

Bandi ak kravat yo;
Dechèpiyè leta yo;
Pwofesyonèl san konsyans yo;
Òganizatè ak Jesyonè krim finansye yo;
Kote kòb petwo karibe yo;
Kote kòb CIRH yo;
Kote kòb karavann chanjman;
Kote kòb rekonstriksyon lopital jeneral la;
Anmwe ‘Kote KÒB YO? »

Tout bandi ak kravat ansanm ak tout sitirè yo WONT yon lòt fwa ankò pou nou.

Tout Responsab Ministè Lajistis k ap jwe YOYO nan pwoteje Vòlò ak kravat, tout responsab ULCC k ap trennen pye nan prepare rapò kont dechèpiyè leta yo;

Tout responsab lakousiperyèdèkont k ap tranble lè plim nan nan men yo pou yo ekri arèdebè kont tout vòlò ak kravat yo;

Wont pou nou!
Nou ta dwe jennen!
Nou ta dwe genyen twoub mantal
Nou ta dwe pa fouti dòmi nan kabann nou
Nou ta dwe pa kapab mache sou moun
Paske se:
Sitirans nou.
Konplisite nou.
Makònay nou.
Laperèz nou.
Ki lakòz Doktè Paul Rossel Casséus mouri nan Lopital l ap bay SÈVIS nan fòlibète.

Si pat genyen sitirans,
Si pat genyen tolerans
Si pat genyen lese grennen lopital la t ap dispoze mwayen ak ekipman pou Doktè a te kapab jwenn laswenyaj.
Pou bonbòn oxygène nan te kapab disponib.

Nou tèlman Kriminèl nan konpòtman Kimele nou, menm lè fanmi Doktè a fè jimnastik pou l achte Bonbòn Oxygène nan, pipiti Ekipmam pou pèmèt ekip medikal la rakòde Bonbòn nan li pa genyen l.

Se menm jan tou, malad yo ap mouri paske pa genyen Entran(gan, sereng, gawo, zegwi…) pou ba yo pi piti swen nan lopital yo.

« Chak fwa ou detounen Yon Adoken” nan kès keta

Chak fwa ou fè jeretyen nan lajan leta.
Chak fwa ou pran 10,15, 20 jouk ka 30 pousan komusyon sou yon pwojè Leta.
Konnen ou se vòlè leta.
Konnen ou se Kriminèl finansye.
Konnen ou se bandi ak kravat.
Konnen ou pi rèd, ou pi lèd, ou pi pa moun pase bandi ak sapat la w ap manipile, w ap tire fisèl, paske ou konnen byen zak ou poze a.

Kounye a, san wont, kriminèl, se ou menm k ap fè pi gwo deklarasyon nan radyo, se ou menm kòm “pompier pyromane” k ap vin swete Kondoleyans epi fè konnen se paske nou pa gen Leta ki lakòz jodi Doktè Casséus mouri, ki Mme. Casséus Vèv epi pitit li yo san papa.

Tankou Moun Nòdès bay Egzanp Inite ak Solidarite nan Konstriksyon Kanal Diyite a, se pou Lanmò Doktè Casséus Rasanble nou tout ki pa dakò pou Ekip ki sou pouvwa kontinye sèvi dra pou kouvri Enpinite Bandi ak kravat yo ansanm ak Sitirè yo.

Se pou Fanmi Doktè Casséus fèmen pòt sou tout bandi ak kravat ansanm ak Sitirè yo, k ap vin fè je yo fè tè pwa, tè mayi, paske se yo menm ki lage larivyè dlo sa nan je yo.

Nòdès (Fòlibète, Wanamenth) nouvo Sant Libète ak Diyite Ayiti se pou Nou ranmase kadav Doktè Casséus nan kòmanse deboulonnen tout bandi ak kravat ansanm ak Sitirè yo ki sou tèritwa nou.

Batay sa pa fouti genyen santiman ladan l.
Si nou pa ranmase karaktè nou, nou fenk kòmanse konte mòd kadav Konsa.

Orevwa Doktè Casséus !

Sous: Marcel Poinsard Mondésir.

Redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin !

[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.

Le Tout au Pluriel Magazin nou se je w ak zòrèy ou yo.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!