Ayiti-Koripsyon/Pozisyon: COCIEDOH filkse pozisyon l sou dosye koripsyon ki nan lari ant Prezidan konsèy Bank Nasyonal Kredi a (BNC) epi twa (3) manb konseye prezidansyèl tranzisyon an

Ayiti-Koripsyon/Pozisyon: COCIEDOH filkse pozisyon l sou dosye koripsyon ki nan lari ant Prezidan konsèy Bank Nasyonal Kredi a (BNC) epi twa (3) manb konseye prezidansyèl tranzisyon an

Combite des Citoyens Engagés pour le Développement et l’Orientation d’Haïti (COCIEDOH), Óganizasyon sosyo-Politik k ap mennen yon konba nasyonal pou devlopman peyi a ap salye tout pèp ayisyen an alawonbadè, manb li yo, alye l
yo, pou kokennchenn kontribisyon yap kontinye pote nan pwosesis konstriksyon sosyete
demokratik ke tout pitit peyi dAyiti ap swete a.

COCIEDOH ap pwofite menm okazyon sila a pou l eksprime santiman de revòl li, santiman dendinyasyon li fas ak ansanm denonsyasyon de kòripsyon grav, piblik, konpwometant ke prezidan konsèy Administrasyon Bank Nasyonal Kredi a (BNC), Raoul Pierre-Louis fè, kont 3 konseye prezidansyèl Tranzisyon (KPT)
an ki se: Louis Gėrald Gilles, Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire, ke yo ekzije l pou l dekese 100.000.000 goud ba yo si li vle pou yo pa revoke l nan pòs li.

COCIEDOH ap raple pou pèp Ayisyen an an jeneral ke prezidan konsèy
Administrasyon Bank Nasyonal Kredi (BNC) a, Raoul Pierre-Louis se yon wo fonksyonè leta a. Sa vle di ‘’ak denonsyasyon kòripsyon’’ sila a li poze a paka pase sou silans menm jan sa abitye pase nan yon seri lòt ka. Epi tou, 3 non sa yo ki enplike nan eskandal malsen sa yo se sa nou ta ka rele ‘’ La Femme de César qui doit être au-dessus de tout soupcon’’. Donk se ankò pi grav lè se moun sa yo ki ta dwe sèvi epi rete kòm modèl pou devlopman sosyete a ki enplike.

Anfen, pou rezon sa yo ak lòt ankò, COCIEDOH ki se òganizasyon ki kouvri tout peyi a, leve vwa pa l ak vwa tout pèp ayisyen byen wo pou mande chak antite nan leta a ki konsène, pou yo pran responsabilite yo konvenableman nan kad
tretman dosye gwo eskandal koripsyon piblik sa a san paspouki.
Se yon fason pou bon jan limyè fèt epi tou pou bon jan ekzanp trase nan sosyete a nan lide pou ti rès konpatriyòt Ayisyen ki reziye yo pou rete viv nan peyi sa a an depi de tout… ka kwè ke yo rete yon ti rès rezon pou yo kontinye viv ladan’l.

Me. Wilquet SYLVAIN, Av. ;
Coordonnateur Général.

Ducaine CONSTANTIN, Ing. Informaticien;
Secrétaire Général.

Redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin !

[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.

Le Tout au Pluriel Magazin nou se je w ak zòrèy ou yo.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!