Ayiti-Koripsyon/Reyaksyon: KLEREJE renouvle atachman li ak twa (3) manb CPT a ki akize nan dosye koripsyon ak BNC

Ayiti-Koripsyon/Reyaksyon: KLEREJE renouvle atachman li ak twa (3) manb CPT a ki akize nan dosye koripsyon ak BNC

Regwoupman òganizasyon sosyo politik Konbit pou Libète Ekonomik ak Relansman Jenès la (KLEREJE) fikse pozisyon l sou konjonkti politik la epi mande pou gen bon jan amoni ant CPT a ak laprimati.
Li mande ak de (2) antite sa yo, pou yo dakò yo tou de (2) se pitit menm papa sou ti bout tè sa a papa desalin te mouri kite pou nou; li kontinye pou di, tout chire pit sa yo se peyi a ak popilasyon an k ap pèdi nan gaspiye tan ak enèji pou lòt dosye ki pa p sèvi peyi a anyen.
Pèp ayisyen pa kapab tann ankò nan espere solisyon ak tout pwoblèm k ap brase bil li chak jou Bondye mete tankou: lamizè, grangou, chomaj, kidnapin, ensekirite, elatriye….

Ti machann yo ap kriye poutèt yo pa kapab desann anba lavil pou regle zafè komès yo, se tout rezon sa yo ki fè KLEREJE di li pote sipò l ak bay twa (3) manb CPT a kise: Smith Augustin, Doktè Louis Gérald Gilles ak Emmanuel Vertilaire ki gen sipson zak koripsyon k ap peze byen lou sou do yo.

KLEREJE ap mande pou prezidan konsèy administrasyon Bank Nasyonal Kredi a (BNC) vini ak bon jan prèv nan yon tan ki pa twò long, san sa, yo anonse y ap pase ak yon lòt vitès ki pwal gen: sit-in, ak manifestasyon douvan tout sikisal BNC yo nan pòtoprens kou nan pwovens yo, jiskaske li demisyone nan tèt konsèy administrasyon BNC a, KLEREJE mande pou prezidan Edgard Gardy Leblanc mete yon komisyon ankèt sou pye pou dosye sa a prese prese pou fè limyè sou tout soupson koripsyon k ap fè bri nan lari a, san yo pa ekate travay komisyon ankèt ULCC ap mennen sou menm dosye koripsyon sa a.
KLEREJE di li kwè nan jistis peyi a, pandan l mande ak tout lòt òganizasyon epi regwoupman òganizasyon politik ki anndan estrikti a, l ap kontinye pote sipò l ak senpati bay konseye Louis Gérald Gilles espesyalman jiskaske yo montre inosans twa (3) manb CPT a epi trennen douvan lajistis prezidan konsèy administrasyon BNC a pou difamasyon si toutfwa li pa rive pwouve manb CPT yo koupab nan eskandal piblik sa a.

San yo pa bliye pwomès tout kalite premye minis Garry Conille te yo depi lè l te kandida pou plas primati a jiskaske li rive jwenn pòs la, Kowalisyon KLEREJE fè konnen l ap kontinye sipòte Garry Conille epi mande l mete plizyè moun konpetan nan tèt plizyè direktè jeneral nan k ap vini la yo.

Redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin

[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.

Le Tout au Pluriel Magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!