Ayiti-Migrasyon: GARR prezante dènye rapò li sou move tretman migran ayisyen yo ap sibi nan Sen domeng nan lè y ap rapatriye yo
An Repiblik Dominikèn, gen plis pase 600 000 migran ayisyen. Gen plis migran ayisyen nan Sendomeng ke nan nenpòt kote kote nan mond lan, aprè Etazini. Mete sou sa, se yo menm ki motè ekonomi Dominikani.
Yo travay nan domèn agrikilti, komès, konstriksyon, nan kay kòm menajè, elatriye. Yo fè tout kalite travay, nan nenpòt ki kondisyon, san oken fòm pwoteksyon sosyal, san okenn asirans, soti nan jenès yo, rive nan vyeyès yo, jouk yo paka itil tèt yo anyen.
Kidonk, yo bay san yo pou konstui ekonomi Sendomeng lan, san yo pa benefye anyen an retou.
Men sa pa anpeche Yo sibi tout kalite vyolans. Yon seri vyolans moun pa sibi ankò depi lè lesklavaj aboli.
Yo bat yo, yo vòlè fòs travay yo, lajan travay yo. Yo touye yo, yo vyole yo. Yo rapatriye yo dèyè do lalwa, dèyè do pwotokòl dakò 2 peyi yo siyen sou koze rapatriman.
Pou mwa jyen a sèlman, migrasyon dominikèn rapatriye 23431 migran ayisyen. 15591 nan pwen ofisyèl yo, 7840 nan pwen non ofisyèl yo.
Genyen 34429 migran ayisyen ki retounen poukont pa yo. Sa nou rele retou espontane. 13505 nan pwen ofisyèl yo ak 20924 nan pwen non ofisyèl yo.
Genyen 9416 migran ayisyen yo refoule. 4103 nan pwen ofisyèl ak 5313 nan pwen non ofisyèl yo.
Yo rapatriye 222 fanm ansent, refoule 436 epi genyen 734 ki retounen poukont yo.
Yo rapatriye 616 timoun ki pa akonpanye ak paran yo, yo refoule 527 epi gen 816 ki retounen poukont yo.
Yo voye tounen, tout kalite moun. Menm moun ki gen pwoblèm mantal, andikap fizik, fanm ansent, epi pase yo anba yon woulo maltretans tankou, bat yo, chire rad sou yo, fè yo pase plizyè jou nan prizon, san dlo, san manje, ap dòmi atè nan siman, sa ki malad pa jwenn asistans medikal, frape yo ak kòf zam, ba yo kouran elektrik, gaz lakrimojèn epi vin lage yo, sanzatan, san planifikasyon ak otorite pa bò isit sou fwontyè a.
Nou wè nan yon videyo ki ap sikile sou entènèt la, ki ap moutre kijan militè dominiken ap maltrete yon migran ayisyen, kouvri li ak san, nan prizon Haina, yon espas sire tankou peny ti dan, ki pa sanble ak kote ki fèt pou moun.
Nou aprann kijan yon jenn fanm aysyèn 23 lane pèdi lavil, nan men otorite migratwa dominiken yo, jis paske yo refize bali asisans medikal jan ka li te mande sa.
Nou tande kijan yon fèmye dominiken tire 2 migran ayisyen ki te sèlman ap chache bwa pou yo fè boukan.
Gen plizyè lòt dosye kote migran aysyen pèdi lavi yo, men kip a fè bri.
Nan sant ebèjeman nou beladè, nou resevwa nan mwa ki sot pase a, plis pase 40 jenn gason ki tap travay nan yon konpayi ki rele Concorcio Asucarero Central, yo voye yo tounen avèk mak manchèt sou kò yo, twou bal sou kò yo, senpman paske yo tap revandike pou yo peye yo lajan ki rele yo chèmèt chèmètrès.
Mèkredi ki te 10 jiyè a, yon jenn fanm ayisyèn sibi vyòl nan men yon boukonn, ki pran tout kòb li aprè zak sila a.
Se twòp atò, fòk ayisyen ki nan Sendomeng sispann moute lesyèl pa do, fòk kalamite yo sispann. Ayisyen ki deside ale Sendomeng pou nenpòt ki rezon dwe jwenn bon tretman.
Gwoup ki ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo GARR mande pou Repiblik Dominikèn respekte: Convention relative au statut des réfugiés de 1951 et son Protocole de 1967, dokiman li siyen epi ratifye Convention internationale sur la protection des droits de tous les travailleurs migrants et des membres de leur famille, dokiman li siyen epi ratifye Convention contre la torture et autres peines ou traitements cruels, inhumains ou dégradants, dokiman li siyen epi ratifye Convention relative aux droits de l’enfant, dokiman li siyen epi ratifye.
GARR mande tou, pou Repiblik Dominikèn respektè pwotokòl dakò li te siyen avèk Ayiti 2 desanm 1999 sou kijan pou rapatriman yo fèt.
GARR ap pwofite pou adrese li ak otorite lokal yo, nouvo gouvènman sa a pou li pran dosye migran ayisyen an men, espesyalman sila yo ki an peyi vwazen. Nou felisite Minis Afè Etranjè a paske li te kodane asasinay ki te fèt sou de migran aysyen semèn pase a, epi mande lajistis dominiken pou fè suivi legal yo. GARR ap mande pou leta aysyen kenbe dosye sa a kout jouk jijman fèt pou santans prezimen kriminèl la tonbe.
An menm tan nou vle lapè tabli nan peyi a pou jenn fanm ak jenn gason ka sispann kouri pou sove lavi yo, epi kite peyi a nan nenpòt kondisyon. Fòk aysyen ka viv an Ayiti, repwodui lavi yo la, fè pwojè lavi yo la.
Sam GUILLAUME;
Responsab Kominikasyon ak PledwayeGARR.
Redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin !
[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.
Le Tout au Pluriel Magazin nou se je w ak zòrèy ou yo.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel