Ayiti Polis nan yon nòt direksyon jeneral lapolis la voye,dimanch 16 novanm 2025 lan,bay tout direktè santral, direktè depatmantal ak chèf sèvis yo,li fè yo konen apati yè dimanch lan, tout konje ak pèmisyon repòte…
Ayiti Polis Nan yon nòt Direksyon Jeneral Lapolis la voye, dimanch 16 novanm 2025 lan, bay tout direktè santral, direktè depatmantal ak chèf sèvis yo, li fè yo konnen apati jodi dimanch lan, tout konje ak pèmisyon repòte, e menm anile pou tout polisye. DG PNH la di yo pran desizyon sa a, nan lide pou asire sekirite popilasyon an, epi reponn a tout sa ki ka rive. Wo kòmandman Lapolis la mande tout responsab yo pou aplike mezi sa a jan sa dwe aplike. Nap raple, PNH la anonse dispozisyon sa a, 24èd tan aprè kowalisyon gang ki rele « Viv Ansanm » nan fin anonse yo pral okipe lari Pòtoprens pandan jounen lendi 17 novanm 2025 lan. Na videyo kap sikile sou rezo sosyal yo, bandi yo menm mande tout sitwaywn pou pa pran lari, chita lakay yo. Paralèlman, gen enstitisyon ki anonse yo pap fonksyone. Se ka pou Anbasad peyi Lafrans an Ayiti, ki di li pap louvri, epi Nasyonzini ki mande anplwaye li yo pa vini, rete travay lakay yo | LSV
Le tout au pluriel magazine
Nou se zye ak zòrèy ou.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel