Ayiti-Politik: Men sa nou vle! Se pou sa n ap goumen tout bon. Mwa Me a prale Mwa Jen an ap antre Peyi nou Ayiti Ap louvri yon lòt peryòd.

Ayiti-Politik:

Men sa nou vle!

Se pou sa n ap goumen tout bon.

Mwa Me a prale
Mwa Jen an ap antre
Peyi nou Ayiti
Ap louvri yon lòt peryòd.

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an(KPT)
Prèske tout (6 sou 7) dakò e yo
chwazi Dr Garry Conille pou dirije gouvènman Tranzisyon an.

Yon lòt Doktè pou yon lòt tranzisyon. Èske fwa sa dyagnostik la ap diferan?

Kouman Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an nan tèt kole ak Garry Conille ap mete kanpe gouvènman an?

Kijan 2 antite sa yo pral defini Règ jwèt yo pou kapab egzekite Fèy wout la?

Kisa ki nan Fèy wout la?

Nou kwè nanm, matris Fèy wout la dwe: sekirite(pèmèt tout fanmi Ayisyen sikile ak dòmi san kè sote sou tout 27750km2) a;

Òganize Konferans Nasyonal la(fasilite brase lide nan mitan tout Fòs sosyal ak ekonomik yo chita pou defini yon lòt oryantasyon pou Ayiti peyi nou di nou renmen an…);

Pèmèt Ayiti reprann Diyite l sou plan entènasyonal(redefini diplomasi a kote pou pifò se bandi ak kravat/raketè ak moun san pèsonalite ki reprezante peyi a…);

Refòme Konstitisyon an ak enstitisyon yo);

Batay tout bon vre kont dechèpiyay/koripsyon ak enjistis;

Òganize eleksyon san fòs kote nan pèmèt genyen yon machin elektoral nan tout nivo pèp la fè konfyans;

Bay lajistis mwayen epi kite l aji (Force doit être à la justice et à la loi). Sa vle di bandi ak kravat yo nan tout sektè/domèn(politik, ekonomik, sosyete sivil) jwenn santans yo merite;

Bay Enstitisyon tankou: CSCCA, ULCC, UCREF ak tout lòt antite ki la pou kontwole Estrikti Leta yo mwayen epi gen Otorite pou Aji a tout ENDEPANDANS;

Mete kanpe yon pwogram sosyal pou fasilite kouch mwayen nan pi ba echèl yo ak kouch Popilè yo(moun yo toujou ap toupizi yo) jwenn mwayen pou viv nan diyite.

Ayiti atè plat!
Ayisyen anvi viv
Ayiti dwe retounen sou katmond lan
Ayisyen dwe tounen kanpe doubout

Lespwa yo anpil
Atant yo gwo
KPT a ak gouvènman Conille la pap gen ni peryòd gras,ni peròd obsèvasyon.

Paske:

sekirite a pa ka tann ankò;
wout pou n pran ak Ayiti pa ka tann ankò(nouvèl Gouvènans lan);
ranmase Eskanp figi nou devan kominotè entènasyonal la pa ka tann ankò;
batay kont vòlè, kont bandi ak kravat, kont kriminèl pa ka tann ankò.

Li enpòtan pou Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an(KPT) ansanm ak gouvènman Dr Conille an konnen listwa ap gen pou jije yo. Se yo menm ki nan fason yo pral mennen Tranzisyon sa va deside èske se nan poubèl yo vle listwa jete yo tankou sa fèt pou anpil lòt sitou pou ekip Dr Ariel yo ranplase a. Yon ekip ki bat tout rekò nan vòlò, enkonpetans, ensousyans, iresponsab. Yon ekip ki pote premye pri nan tete lang ak tout kalte bandi. Se ekip Ariel la menm ki se pi gwo ekip bandi legal(tèritwa pèdi),

Ou byen

Èske Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ak ekip Dr Conille pral travay pou listwa kenbe Non yo kòm ekip/moun ki te pèmèt Ayiti tounen sou katmond lan kote liy direktris yo chita sou: diyite ak bon Gouvènans, epi tou koripsyon kaba, lapè nan mitan fanmi yo tounen yon reyalite tout bon pou Ayisyen anndan kon nan tout dyaspora kapab di:
Ayiti se peyi m
Se Ayisyen mwen ye
Viv Ayiti cheri!

N ap di KPT a ansanm ak Dr Conille Konsyans yo dwe premye Jij yo epi li dwe dènye Jij yo tou.

7 fevriye 2026 lè n ap tounen paj la, kisa n ap di?

Pou n fini, li enpòtanpou nou konnen:
Se pa peyi ki fè Sitwayèn ak Sitwayen.

Se Sitwayèn ak Sitwayen ki fè peyi.

Nou ka rezime l konsa: se pa peyi ki fè moun, men se moun ki fè peyi.
Fòk moun nan:
Onèt, renmen peyi y’a( tè kote kòd lonbrit li plante a) genyen volonte, konpetans ak kapasite pou patisipe nan refè Ayiti a. Li pa nan koze espageti a(mank e melanj…).

Marcel Poinsard Mondésir
31/05/2024.-

TOUT DWA REZÈVE
[email protected]
téléphone ☎️ 509 48438136.

LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!