Ayiti-Politik: Pati Politik Fanmi Lavalas mande Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ak nouvo gouvènman an fini ak bay pèp la pawòl
16 novanm 2024, menm jan ak tout viktim yo, Fanmi Lavalas ap tann nouvo gouvènman sa a nan kalfou sekirite a.
Popilasyon an ap tann sekirite e non bèl pwomès.
Twòp san deja koule.
Twòp moun deja mouri.
Twòp fanmi deja kouri kite kay yo.
Twòp dlo deja koule nan je Pèp Ayisyen an.
Se pa pou sa Zansèt nou yo te ranpòte viktwa batay Vètyè a, jou 18 Novanm 1803 a.
Paske Zansèt nou yo te renmen Ayiti san blòf, yo te sakrifye lavi yo pou libere n anba sistèm
esklavaj la.
Malerezman, ensekirite jodi a, se pitit menm sistèm esklavaj la.
Pou n kontinye konba liberasyon sa a, fòk se tout patriyòt e non patripòch ki mete ansanm.
Aprè echèk premye gouvènman tranzisyon an, fòk nouvo gouvènman sa montre aklè se pa patripòch
ki vin benyen nan koripsyon men se patriyòt ki kanpe san blòf kont ni ensekirite programe a, ni ensekirite alimantè a.
Jou 18 Novanm 1803, pou drapo viktwa te monte nan Vètyè, gran gran paran nou yo te wè peyi anvan pouvwa.
Jodia tou, pou n rive fè tout viktim retounen lakay yo e tabli sekirite pou òganize eleksyon lib e libè, fòk nou wè peyi anvan pouvwa.
Ansanm, nou tout ki gen san patriyotik sa a nan venn nou, Fanmi Lavalas kanpe avè n pou lavi
rekòmanse boujonnen toupatou nan Peyi a.
Redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin !
[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.
Le Tout au Pluriel Magazin nou se je w ak zòrèy ou yo.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel