Ayiti politik
Revandikasyon
Cosharco…
COSHARCO salye
enstalasyon konsèy prezidansyèl 9 tèt la epi bay yon kaye revandikasyon pou jwenn solisyon kriz politik la
COSHARCO pran nòt e li salye enstalasyon CPT a. Nap profite voye yon gwo kout chapo pou lapolis ak lame ki pa t febli.devan.responsabilite ak angajman yo. Jan nou te di nan konferans 12 Avril 2024 la nou vle gen nouvo responsab poun ka adrese revandikasyon nou yo ki deja pran twòp tan pou yo jwen n bonjan satisfaksyon. N ap profite mande mesye dam konseye prezidansyèl yo, pou yo pran desizion sa yo san pèdi tan nan san (100) premye jou k ap vini la a:
Chwazi yon kòdonatè nan mitan yo san fè dilatwa jan akò a mande l nome prese prese yon gouvènman k ap gen nan tèt li yon premye minis ak minis, sekretè deta ak direktè jeneral e mete sou pye yon konsèy elektoral pwovivzwa ki dwe gen profil sa yo:
Fòk se moun ki gen lanmou ak sans patriyotik pou peyi a ;
Fòk se moun ki pa konn mele nan zafè kòripsyon ni nan tete lang ak bandi/teworis;
Fòk se moun ki ka pale, mete konfyans nan popilasyon an, sosyete sivil òganize a, klas polik la, kominote entènasyonal la;
Fòk se moun ki gen bon jan konpetans ke popilasyon an rekonèt pou bon jan aksyon yo konn poze nan sosyete a;
Fòk se moun ki pa pral travay pou pati politik pa yo, patizan pa yo, famyi yo ak akolit yo;
Fòk moun ki pral nan konsèy elektoral la se moun ki kredib, onèt, responsab, konpetan ak enpasyal ki pa pral fè eleksyon pou chapèl politik yo men pou peyi a;
Fòk se moun ki ka rezoud problèm sekirite, banditis ak teworis ki gen andan peyi a pou fasilite reouvèti lekòl yo, pò yo, ayopò yo, transpò terès, izin yo, tèminal gaz yo, sikilasyon moun ak machandiz tou patou, pou moun yo tounen lakay yo poun komanse amelyore la vi chè a.
Poun fini COSHARCO ki gen ladan l tout branch sektè sosyoprofesyonèl nan peyi a ap pote tout soutyenl bay konsèy prezidansyèl la pandan lap rete vijilan pou fwa sa a se revandikasyon mas popilè a ak travayè/travayèz yo ki pase.
COSHARCO ap rete mobilize dèyè revandikasyon mas yo !
Pou otantifikasyon:
Duclos.BENISSOIT;
MUTH.
Jean Bonald Golinsky FATAL;
CTSP.
Jacques Belzin;
CTH.
La Rédaction de Le Tout au Pluriel Magazine !
[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 63 44.
Le Tout au Pluriel Magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel