Ayiti-Politik/Sekirite: Prezidan konsèy prezidanyèl tranzisyon an prezante kondoleyans li bay twoup MSS la nan kad yon vizit nan baz misyon an (LSA2)

Ayiti-Politik/Sekirite: Prezidan konsèy prezidanyèl tranzisyon an prezante kondoleyans li bay twoup MSS la nan kad yon vizit nan baz misyon an (LSA2)

Prezidan konsèy prezidansyèl tranzisyon an, Ekselans Lesly Voltaire salye devouman san mank kontenjan MSS la k’ap kolabore ak Polis Nasyonal Dayiti nan batay kont zak vyolans gang yo nan peyi Dayiti.

Prezidan Voltaire pale konsa jou kite premye mas 2025 la aloske li t ap prezante pwochen prezidan konsey tranzisyon an kise Fritz Alphonse Jean, nan baz misyon an (LSA 2). Konseye prezidan Voltaire te pwofite okazyon an tou pou eksprime kondoleyans fratènèl li ak MSS la swit ak lanmò polisye Kenyan kontenjan MSS la, ofisye Samuel Kaetuai.

Prezidan Voltaire rekonet reyalizasyon enpotan ki akonpli gras ak jefò kontenjan MSS ki soti nan peyi Kenya, Jamayik, Gwatemala, El Salvadò, Bahamas ak Beliz.
N ap souliye, konseye prezidan Lesly Voltaire te gen ak li nan okazyon an Direktè jeneral PNH la Normil Rameau.

Se kolonèl Chevron Henry ,kòmandan adjwen fòs MSS la (DFC) ansanm ak kòmandan operasyon yo nan MSS Stephen Vhebe, AIG ak lòt wo responsab nan MSS la kite resevwa delegasyon ayisyèn nan.

DFC te eksprime gratitid li pou soutyen yo kontinye jwenn nan men otorite ayisyèn yo, PNH la ,pèp ayisyen an, patnè lokal ak entènasyonal yo, medya yo ak tout pati ki enplike nan misyon MSS la.

Anplis, DFC enfome dirijan yo strikti sa ak wòl li nan MSS la pandan l souliyen kolaborasyon ant MSS ak PNH la kondwi ak bon rezilta siyifikatif an patikilye nan rejyon latibonit ak kenskòf pou n site sa yo sèlman.

Yon moman patikilyèman kite make vizit sa se MSS la ki reyafime angajman l pou l rapouswiv operasyon desiziv yo, ofisye yo toujou rete pi motive pase avan pou rive konbat gang yo mal malgre yo pèdi yonn nan manm yo.

MSS la yon lòt fwa pi detèmine pase avan pou ede peyi Dayiti rejwenn glwa li te genyen nan tan pase yo.

Redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin !

[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 6344.

Le Tout au Pluriel Magazin nou se je w ak zòrèy ou yo.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!