Ayiti-Religion/Pap Léon XVI, yon kri ki soti nan kè pou Ayiti:

Ayiti-Religion/Pap Léon XVI, yon kri ki soti nan kè pou Ayiti:

Pa Fyète Kreyòl Enfo

Chèf Legliz Katolik la, Pap Léon XVI lanse yon kri ki soti nan fon kè li dimanch 10 out 2025 depi Plas Sen Pyè nan Vatikan kote li mande kominote entènasyonal la pou li pa bliye pèp ayisyen an.

Devan kalamite pèp sa a ap sipòte depi twò lontan, fas ak irespobsabilite elit yo ak mansoysyans kominote entènasyonal la, Pap la deklare sitiyasyon Ayiti a se yon sitiyasyon k ap vin pi dezespere chak jou.

Souvren pontif la rale penso li pou li pentire yon tablo ki bay kè nan men devan tray pèp ayisyen ap andire, kote se zak ansasinay, trafik moun, kidnapin k ap fè aktyalite. Sen Pè a mande kominote entènasyonal la yon soutyen klè tout moun ka wè pou pèp ayisyen an kapab rejwenn chemen lapè :

«Mwen lanse yon apèl prese prese bay tout responsab yo pou liherasyon otaj yo san pèdi tan, epi m ap mande kominote entènasyonal la yon soutyen klè tout moun ka wè pou yo kreye kondisyon sosyal ak enstitisyonèl k ap pèmèt Ayisyen yo viv nan lapè.»

N ap souliye depi plizyè lane deja, peyi d Ayiti plonje nan yon dechennman vyolans li pa te janm konnen avan nan listwa, kote gang ame ap touye, piye, boule anba je otorite yo k ap asiste tout moun. Nan sitiyasyon sa a, vwa tankou vwa Pap Léon XVI se yon bon kanal pou pote kri pèp ayisyen an, ki pa gen fòs pou li kriye ankò li menm, devan gwo chèf k ap deside pou monn nan.

Le tout au pluriel magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39