Ayiti-Sekirite: Mèt André Michel bat gwo bravo lakontantman pou desizyon otorite Ameriken yo pral pran pou klase gang Ayiti yo nan lis teyoris

Ayiti-Sekirite: Mèt André Michel bat gwo bravo lakontantman pou desizyon otorite Ameriken yo pral pran pou klase gang Ayiti yo nan lis teyoris

Nan yon tweet li pibliye sou kont li pandan wikenn nan sou dènye desizyon otorite Ameriken yo anvizaje pran sou avni gang yo nan peyi Dayiti, responsab Sektè Demokratik ak Popilè a Me. André Michel fè konnen: Nou kontan aprann nan Jounal Miami Herald peyi Etazini pra l mete Kriminèl Viv Ansanm yo sou lis òganizasyon teworis.
Lè sa a,Peyi Etazini ak lòt Peyi sou latè pral oblije pran tout dispozisyon pou ede nou ratibwaze tout gang Kriminèl k ap fè pèp Ayisyen an monte ma swife nan peyi Dayiti.
N ap fè tout moun sonje,nan mwa Janvye 2025 la, nou te ekri Sekretè Deta ameriken an Marco Rubio pou mande Peyi Etazini mete Gang Kriminèl nan peyi Dayiti yo sou lis òganizasyon Teworis.
Pozisyon nou klè depi lontan: nou pa nan Dyalòg ak Gang!
Nou pa nan Negosyasyon ak Gang.
Pa gen amnisti pou Gang.

Redaksyon Le Tout au Pluriel Magazin !

[email protected] // ☎️ (509) 4879 – 6344.

Le Tout au Pluriel Magazin nou se je w ak zòrèy ou yo.

About Harrys Michel

Harrys Michel
À propos de : Michel Hary Espoir - Formation : Licencié en Communication sociale - Profession : Professeur de Communication sociale, Journaliste, Animateur culturel, Analyste - Responsabilités : PDG du magazine Le Tout au Pluriel - Domaines d'expertise : Politique, Kabbalistes, Travail social - Contact : - Email : [email protected] - Téléphone : +509 48 43 81 36 / +509 55 48 92 39
error: Content is protected !!