Ayiti-Sekirite/Rezolisyon: PNH la anonse apre yon seyans travay jou ki te dimanch 5 me 2024 la, lansman plizyè avi rechèch dèyè tout prizonye ki sove pandan peryòd latwoublay yo nan peyi a.
Nan kad yon atelye travay Chèf Polis la, M. Frantz ELBE, dirije jounen jodi dimanch 5 avril 2024 la, nan objektif pou ranfòse sistèm sekirite nan sant kaseral yo, epi youn lòt bò rive trake tout prizonye kite sove nan plizyè evasyon bandi ak zam te òganize nan kèk prison sivil, nan lide pou te kreye latwoublay nan dènye jou sa yo.
Polis Nasyonal la. Nan sans sa, pou li rive konbat fenomèm sila ke malfra yo itilize, pou kreye destablizasyon nan mitan popilazyon sivil la. Kòmandan an Chèf PNH la pase Plizyè inite ak direksyon depatemental nan Polis la lòd fòmel pou trake epi, remete nan plas yo, tout endividi ki ta sove nan plizye prizon (Penitansye Nasyonal, Prizon Kwadèboukè, Kabarè, Pòd Pè) nan moman envazyon yo.
PNH la lanse operasyon koukouwouy kont tout evade kelkelanswa kote yo ye sou teritwa nasyonal la. Men yon premye lis evade ki danje anpil, Fòs lòd yo ap chèche yo tout kote, nap mande ak manm polilasyon sivil la ki ta remake youn nan endividi sa yo ki fè pati lis sa, pou pridan avek yo epi denonse kote yo pran refij a bay Lapolis.
Pa bliye zafè sekirite a se zafè tout sitwayen konsekan, se sèl nan Yon kolaborasyon Polis ak popilasyon nap rive konbat tout zak Banditist nan peyi a.
La Rédaction de Le Tout au Pluriel Magazine !
[email protected] // (509) 4879 – 63 44.
Le Tout au Pluriel Magazine nous sommes vos yeux et vos oreilles.
Le tout au pluriel Magazine Magazine socio-culturel